Nou salye epi n remèsye oditè nou yo ak tout sa ki ede nou pote chay emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
-Vandredi 3 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
-Ekip Trump lan anonse y ap voye dosye TPS pou Ayiti a devan Lakou Siprèm pou yo ta ba li yon desizyon prese prese
-Dènye nouvèl ki rive jwenn nou sou lagè Etazini ap mennen kont Iran depi samdi 28 fevriye a:
--3 bato pran nan bonb Iran mete sou lanmè a pou bloke Pasaj Hormuz lan kote 20 pousan luil k ap vann nan mond lan pase
--Mezon Blanch demanti zafè Trump te pale pou Etazini nan asire bato luil yo epi pou bato Navy Meriken ta eskòte yo
--Anpil bato luil ap fè wout dekoupe pou y al pase nan Lamè Wouj pandan gen Houthi yo nan Yemen ki kanpe dan bang nan zòn sa a
--Etazini ta mande Israel pou bese volim atak sou enfrastrikti enèjetik nan Iran
--Peyi zanmi Meriken yo di y aprale nan rezèv yo pou lage 400 milyon baril luil nan mache a; Ti pwoblèm nan se konbyen tan sa ap pran pou yo rive nan mache a
--Iran anonse li wete kò l nan Koup Dimond 2026 la
--Ajans nouvèl Reuters anonse anplis sòlda Meriken anonse k mouri yo ta genyen yon lòt 150 ki blese nan atak Iran yo
-Chirepit nan Lakou Siprèm nan ant patizan Trump yo ki vle mache prese nan dosye k enterese Trump yo ak jij yo ki pa prese sou dosye Trump yo
-Vandredi 3 avril, 2pm-5pm: Manif KOMOKODA devan Konsila Dominiken nan Manhattan, 43rd St and 7th & 8th Aves