Fè eksperyans nan Vodou, ke ou te yon moun ki te deja ladan li oubyen yon moun ki apènn ap fè konesans ak li, renmen chaje ak istwa ki chaje leson ladan li. E souvan se toujou avèk yon plezi ki ap melanje ak seziman k'ap travèse w lè w'ap tande moun k'ap rakonte w eksperyans yo fè yo.
Jean Michel Clermont ke w souvan ka tande sou non Inka Oumael Moshe se youn nan vodouyizan ki genyen anpil pou li rakonte. Se poutèt sa nan podcast sa, epizòd 5, ribrik yon ti zanmi yon ti pale, li se envite nou kote ke li pral pataje ak nou kèk eksperyans li fè, de reyalizasyon li pou avansman Vodou a pami ladan yo Lakou Dantò.