Nan podcast "Ann Pale Klè: Dèyè Sistèm Yo" sa mw pale de kijan ekonomi konpòtman ede nou konprann poukisa anpil desizyon ekonomik nan peyi Ayiti fè sans nan kontèks pa nou an, menm lè yo parèt "irasyonal" pou moun k ap gade sa soti deyò. Pifò konsèy ekonomik sipoze ke moun santi yo an sekirite, yo fè enstitisyon yo konfyans, epi yo ka planifye pou yon tan ki long. Nan Ayiti, enstabilite, vyolans, enflasyon, ak echèk enstitisyon yo repete rann sipozisyon sa yo pa reyalis. Lè demen pa sèten, moun konsantre sou fason pou yo siviv jodi a.
Sere lajan (ekonomize) parèt twò riske, envesti parèt danjere, epi depanse lajan an vit parèt pi an sekirite pase tann demen. Moun prefere kenbe kach nan men yo olye yo mete l nan bank, yo chwazi sistèm enfòmèl yo olye de sa ki fòmèl, epi yo chwazi yon sètitid kout tèm olye de pwomès sou yon tan ki long. Sa yo se pa defo kiltirèl oswa yon mank konesans; se repons defansiv devan ensètitid ak laperèz pou moun pa pèdi sa yo genyen (loss aversion). Lè moun pa gen anpil, laperèz pou yo pa pèdi ti sa yo genyen an pi fò pase espwa pou yo ta genyen plis.
Mank konfyans lan enfliyanse konpòtman moun tou. Apre anpil echèk nan men enstitisyon yo, moun apiye plis sou rezo pèsonèl yo ak jijman pa yo, sa ki lakòz efò yo gaye epi kowòdinasyon an fèb. Menm lajan dyaspora a voye (remitans) sèvi plis pou konsomasyon olye de envestisman paske kenbe lajan an oswa ranvwaye depans lan pou pita parèt pa an sekirite.
Konpòtman moun pa chanje ak bèl diskou oswa bon entansyon sèlman. Li chanje lè anviwonman an chanje. Yon revni ki stab, pataje risk, privizyon pou sekirite (safety nets), ak sistèm ki rebati konfyans se yo ki ap pèmèt moun sere lajan, envesti, epi planifye. Pou Ayiti, rekiperasyon ekonomik la pa depann sitou sou chanje mantalite moun, men li depann plis sou fason nou diminye laperèz, enstabilite, ak risk nan lavi chak jou.