AyiboLab

AyiboLab

By AyiboPostNewsNews Commentary
Download on the App Store

AyiboLab episodes

  • Rebel Layonn : Vejetaryen depi 25 lane. Men poukisa.

    Sa a se uityèm emisyon ⁠AyiboLab⁠ nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, ⁠AyiboPost⁠ envite James Vergneau, ki gen pou non atis li Rebel Layonn, pou vin pataje eksperyans li antanke vejetaryen depi 25 lane.

    Reggaeman nan di vejetarism se yon pratik ki gen anpil enpòtans pou li. L ap ede n konprann kisa pratik sa a reprezante pou li pandan l ap rakonte n sa ki pouse l adopte l nan lavi l ak fanmi ni.

    ► Pwofite li atik jounalis Lunise Duquereste ⁠ekri sou sitiyasyon an : La créativité inspirante des végétariens en Haïti pour manger sain et équilibré
    © ⁠AyiboPost⁠ - Jen 2023

    21 min
  • Men kisa ouvriye nan faktori yo ap mande ojis !

    Sa a se setyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite yon sendikalis k ap defann dwa ouvriye nan faktori yo pou konnen e konprann kisa ojis ki dèyè manifestasyon y ap fè yo. Li pa kache anyen.


    Pwofite li atik jounalis Jérôme Wendy Norestyl ekri sou sitiyasyon an :

    ► Des employeurs de la sous-traitance en Haïti détournent les prélèvements salariaux des travailleurs
    © AyiboPost - Jen 2023

    17 min
  • Pwopozisyon pou ede wete Ayiti nan kriz alimantè jodi a

    Sa a se sizyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite ekonomis Etzer Emile ak agwonòm Jean Luc Saint Pierre, yo abòde nannan kriz alimantè k ap ravaje Ayiti a, e yo pwopoze kèk solisyon pou ede wete peyi a.


    ► Klike sou Ensekirite alimantè pou w dekouvri tout travay nou soti sou tematik sa a.

    © AyiboPost - Jen 2023

    16 min
  • Ayiti : Kriz sanitè a agrave akòz medsen k ap kite peyi a

    Sa a se senkyèm emisyon AyiboLab pou lane 2023 a. Nan nimewo sa a, AyiboPost panche sou kriz sanitè ann Ayiti ki vin agrave akòz medsen espesyalize k ap vire do bay peyi a. Jounalis Fenel Pélissier ekri pou AyiboPost yon seri atik sou sijè a. Nou envite l nan emisyon jodi a. Ou ka pwofite li atik li yo nan lyen pi ba yo :

    ► Leurs professeurs quittent Haïti, les étudiants en médecine de l’UEH à l’épreuve des cours en ligne

    ► Haïti en danger : l’insécurité pousse les médecins spécialisés à quitter le pays

    ► 3 à 4 cadavres «sans famille» par jour… des hôpitaux de P-au-P exténués

    ► Des morceaux de glace pour conserver les morts à Jérémie
    © AyiboPost - Me 2023

    12 min
  • Sitiyasyon malouk moun soud yo ann Ayiti

    Sa a se katriyèm emisyon AyiboLab pou lane 2023 a. Nan nimewo sa a, AyiboPost panche sou sitiyasyon malouk moun soud yo ap viv ann Ayiti akoz klima ensekirite k ap layite nan peyi a.


    ► Ou ka pwofite li atik sa a tou, jounalis Abimaël-Romilus Sévère ekri : Tués parce qu’ils ne pouvaient pas entendre

    20 min
  • Sit touristik Labadie rete vivan, malgre kriz peyi a

    An 2022, sit touristik Labadie resevwa 400 000 touris ak 133 bato kwazyè, malgre divès alèt wouj yon latriye peyi tankou Etazini ak Angletè te mete sou Ayiti.
    Ou ka li atik la : Labadie a reçu 400 000 touristes et 133 bateaux de croisière en 2022 – AyiboPost

    9 min
  • Men nan ki eta ensekirite a lage depatman Latibonit

    Latibonit debòde. Gang ame yo kidnape mezi tè peyizan yo. Sitwayen yo pa
    ka jwenn manje. Ensekirite a lage depatman plat atè. Nou diskite ak 2
    jounalis AyiboPost ki se moun Latibonit, pou ede n konprann sitiyasyon
    an.

    Ou ka li atik yo a la : Artibonite : les agriculteurs forcés d’abandonner leurs terres face aux gangs armés – AyiboPost

    14 min
  • Leyla McCalla : atis amerikèn sa a soti yon albòm, se Radio Haïti Inter ki enspire l li. Men poukisa

    Atis amerikèn Leyla McCalla, ki gen rasin parantal li ann Ayiti, fenk soti yon albòm, se Radio Haïti Inter ki enspire l li.

    «Breaking the Thermometer» ki se tit albòm nan, se kòmansman yon fraz editoryal Jean Léopold Dominique, ansyen jounalis wòdpòte radyo a.


    Nan videyo sa a, Ervenshy Hugo Jean-Louis ki ekri Une artiste classique américaine sort un album inspiré par « Radio Haïti Inter » – AyiboPost ap ede nou pi byen konpran enpotan albòm sa a.

    _____

    ▶ Radio Haïti Inter te bay kreyòl yon plas enpòtan. Ou ka li atik sa a : Le parcours parsemé de discriminations du créole dans les médias en Haïti – AyiboPost
    ▶ Suiv @AyiboLab sou Twitter pou ka toujou okouran de sa @AyiboPost ap regle an koulis !

    21 min

About AyiboLab

From the publisher's feed

Chaque semaine, Ayibolab vous plonge au coeur de la rédaction d’Ayibopost. Il vous fait entendre nos journalistes sur le terrain et nous donne l’occasion de répondre à vos questions. Animateur:…