AyiboLab

AyiboLab

By AyiboPostNewsNews Commentary
Download on the App Store

AyiboLab episodes

  • Poukisa kilti ayisyen an pa byen reprezante nan lekòl yo ?

    Sistèm edikatif ayisyen an pa bay kilti peyi a ase enpòtans; sa ki kreye yon dekoneksyon ant divès jenerasyon yo ki lakòz elèv ayisyen an vin pa vrèman konn kilti peyi l. Jacques-Michel Gourgues ki se doktè nan syans edikasyon ak metè an sèn Eliezer Guérismé entèvni sou kesyon an nan emisyon espesyal AyiboLab sa.

    44 min
  • Anpil katye nan Pòtoprens monte baryè yo

    Gen gwo baryè ki monte nan anpil katye nan Pòtoprens. Se fason sa anpil zòn chwazi pwoteje tèt yo kont ensekirite a nan yon kontèks kote bandi ap pran plis tèritwa chak jou. Men, tout moun pa wè baryè sa yo menm jan, e gen moun li afekte plis pase lòt.

    AyiboPost envite sosyològ Kesler Bien-Aimé, pou l ka ede konprann temwànyaj plizyè abitan k ap viv nan zòn sa yo.

    1 hr
  • Bò lanmè komin Kafou, pratik «fè tè» a deraye

    Nan komin Kafou, abitan bò lanmè a plede pouse dlo a ak fatra, ranblè, kawoutchou... pou yo ka konstwi kay yo. Se pratik sa ki rele «fè tè» a.

    AyiboPost te remake danje ki gen nan pratik sa, li envite enjenyè Richard Haspil ak Odnell David pou ede n pi byen konprann sa k ap pase a. An n tande:

    32 min
  • Èske gason ka «sage-femme» an Ayiti?

    Gason ayisyen k ap egzèse metye «sage-femme» nan peyi a ap fè fas ak gwo diskriminasyon.

    Pou fè limyè sou sitiyasyon sa a, AyiboPost envite 2 etidyan «sage-femme», Ronaldo Jeanty ak Hermine Francesca Jean Pierre, epi Jephtanie Mathurin ki se responsab kominikasyon asosyasyon «sage-femme».
    An n tande yo nan emisyon AyiboLab espesyal sa a.

    26 min
  • AYITI : atansyon ak anbilans sa yo nan peyi a !

    Se pa tout machin ki make anbilans ki anbilans vre an Ayiti. Anpil mòg lage nan pratik sa a, alòske pa gen kenn ijans vrèman pou yon machin k ap transpòte mò, daprè direktè CAN nan, Didié Herold Louis.

    Nan emisyon espesyal AyiboLab sa a, li tou pwofite eksplike difikilte sèvis anbilans ap fè fas nan kontèks ensekirite n ap viv nan peyi a.

    52 min
  • Poukisa depi gen konfli tè an Ayiti, medam yo toujou viktim?

    Depi gen konfli tè, anpil fwa se medam yo ki toujou viktim an Ayiti.
    Malgre yo konsidere yo kòm motè agrikilti a, legalman anpil ladan yo pa posede tè vre. Kisa ki lakoz?
    Nan emisyon AyiboLab espesyal sa, nou resevwa Islanda Micherline Aduel ki se manb tèt kole ti peyizan Ayisyen, ak agronòm Volny Paultre, pou n debat sou sijè sa.
    Ann tande.

    42 min

About AyiboLab

From the publisher's feed

Chaque semaine, Ayibolab vous plonge au coeur de la rédaction d’Ayibopost. Il vous fait entendre nos journalistes sur le terrain et nous donne l’occasion de répondre à vos questions. Animateur:…