
Sign up to save your podcasts
Or


Pwoblèm san nan peyi a lakoz anpil moun pa ka jwenn swen ki pou sove lavi yo a tan. Selon direktè Centre National Transfusion sanguine lan, si CNTS te ka pwodwi 60 000 jiska 80 000 pochèt san pa ane, yo t ap ka kouvri 90% nan demand popilasyon an aloske reyèlman yo poko janm ka pwodwi 30 000. Kisa ki lakòz?
Poupe nwa yo mwens enterese Ayisyen, daprè konsta AyiboPost fè nan plizyè makèt nan Pòtoprens. Poukisa se poupe blan yo ki plis vann? Èske se yon chwa ki senp?
Responsab lopital Sanatoryòm Pòtoprens lan, Dr Jean Ardouin Esther Louis-Charles ap eksplike move konesans popilasyon an genyen sou maladi tibèkiloz lan e tout difikilte Lopital la rankontre ni avan, ni aprè nèg ak zam te finn mete yo nan kouri nan Kafoufèy.
Marc Anderson Brégard ki se direktè jeneral RTVC ak Gotson Pierre, responsab nan Alterpresse ak Medialternatif, ap dekri gwo pwoblèm pwoblèm achiv ki gen nan media an Ayiti epi eksplike kijan sitiyasyon sa afekte antite yo.
Sa se katòzyèm AyiboLab pou ane a. Nan nimewo sa, nou envite Iléus Papillon, prezidan obsèvatwa patrimwàn an Ayiti, pou eksplike poukisa li enpòtan jounen jodia pou nou ap pale de memwa ak patrimwàn peyi a.
Sa a se trèzyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan epizòd sa a, AyiboPost envite James Zachari (atis tatouaj) ak Alexandra Mizelin (Antreprenè) pou rakonte eskperyans yo kòm moun ki viktim de frap sektè tatouaj la ap pran depi deklanchman mouvman "Bwa Kale" a an avril 2023.
Sa a se douzyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite ansyen pòt pawòl SPNH-17 la Abelson Gros-Nègre ak youn nan viktim ki pèdi kay yo nan moman atak la nan jou ki te samdi 12 dawout 2023 a.
Sa a se onzyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite 2 pami viktim ki t al refije devan anbasad amerikèn dimanch 23 jiyè 2023. Aprè Lapolis fin chase yo devan anbasad la, viktim k ap kouri pou zak endividi ame yo kontinye ap chèche kote pou yo rete.
Sa a se dizyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite Doktè Ricarven Ovil pou ede n konprann tout paramèt ki reprezante kòm fay nan sistèm sante ann Ayiti a e ki ta lakòz lanmò etidyant nan syans enfimyè Kenia Civil nan lopital Laplas Okay.
Sa a se nevyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite James Danger, ki se travayè sosyal, pou ede n konprann pi byen reyalite konsomatè dwòg ak alkòl nan peyi a, espesyalman sou plas Carl Brouard ke anpil moun rele "Kay Tafyè".
From the publisher's feed