Espace Marketing

Espace Marketing

By Kims BeljeanBusinessMarketing
Download on the App Store

Espace Marketing episodes

  • Q&A sou digital marketing : Q&A : Mwen reponn kèk kesyon ki enpotan anpil

    Jan m te anonse l lan, nan okazyon anivèsè m, mwen chwazi pibliye yon epizòd ki baze sou yon seri kesyon anpil nan nou te poze m pou nou ka pi byen konprann fonksyonman ak baz maketing nimerik la sitou an Ayiti.


    Nan nimewo sa mwen pale de pwen tankou :

    - konpetans ak etid ki nesesè pou evolye nan domèn sa,

    - Ki travay yon moun ki nan atizay ka fè nan maketing an liy

    - Konsèy pou yon jèn an Ayiti ki ta renmen vann konpetans li nan domèn lan, selon eksperyans mwen.


    Mwen espere n ap jwenn repons nou bezwen yo pou ede n konprann domèn lan pi byen pou nou rive fè siksè ladan l.

    Bon ekout !

    37 min
  • Kijan entènèt la ka ede antrepriz ak pwofesyonèl yo nan moman kriz | Kims Beljean

    Aprè yon moman absans akoz sitiyasyon difisil n ap travèse yo, nou kontan envite w tande yon nouvo
    epizòd spesyal podkas Espace Marketing sou kijan nimerik la ka rive ede antrepriz ak pwofesyonèl yo travèse moman kriz yo !
    Nou eksplore divès pwen tankou :
    • Jan entènèt la chanje fason biznis yo fonksyone
    • Divès zouti nimerik ki ka ede antrepriz yo menm nan peryòd kriz
    • Kantite opòtinite ki louvri pou pwofesyonèl ayisyen yo depi aprè 2020 gras ak entènèt la...



    17 min
  • Dekouvri istwa ak pakou Bèlide Magazine, depi 2018 jiska jodi a

    Oggi se yon jèn antreprenè k ap evolye nan domèn nimerik lan depi kèk lane. Aktivite l nan kesyon graphic design te ba l volonte kreye Bèlide Magazine, yon magazin an liy ki kouvri sektè kiltirèl la ak lòt.

    Dèyè gwo travay Bèlide ap fè a, gen anpil sakrifis ak obstak

    ki make ekip la. Oggi pataje istwa l ak pakou l soti depi nan kreyasyon magazin nan rive nan vizyon yo genyen pou avni yo.

    Nou envite w tande epizòd la kounya !

    36 min
  • Dekouvri metòd ak teknik k ap ede w reyisi nan domèn E-commerce la | Jean Hermy Beauciquot

    Mond nimerik la pote anpil chanjman nan lavi n pèsonèl ak pwofesyonèl nou. Li menm rive fè enpak sou fason nou fè biznis. Jounen jodi a, gras ak entènèt epi bon konpetans yo, ou pa bezwen anpil pou w fè komès pa egzanp. Ou ka ret lakay ou epi kreye yon biznis an liy kote w ap vann pwodui bay kliyan san w pa deplase.

    Se sa yo rele E-COMMERCE la ! E se de sa n ap pale nan epizòd sa a.


    Byenvini nan Espace Marketing, nan nimewo sa nou gen Jean Hermy Beauciquot kòm envite ki vin pataje konesans ak eksperyans li nan domèn lan yon fason pou ede w reyisi ladan l tou. Hermy se yon spesyalis ki atenn 6 chif pa ane gras ak brand li met sou pye.

    Jodi a li vin devwale sekre sikse l, nou envite w tande l epi pataje epizòd sa !

    27 min
  • Men kijan w ka konstwi yon Brand Identity ki solid e inik pou biznis ou

    Idantite mak yon antrepriz se tout valè, vizyèl ak mesaj ki met ansanm pou reprezante antrepriz sa. Se sa ki defini kijan piblik la pral wè e konprann mak ou an.

    Li nesesè pou w byen konstwi epi jere idantite mak la paske menm jan l ap ede w grandi se konsa tou li ka fouye w nan twou lè l mal jere.


    Nan epizòd sa, Blaise Defky (Husky Design) pataje anpil konsèy ak astis k ap ede w nan pwosesis sa.

    Bon ekout !

    36 min
  • Kreye yon prezans an liy pou biznis ou gras ak konsèy sa yo | Herby Charles
    • Ki etap kle yon moun dwe suiv pou l kreye yon prezans an liy ?
    • Kijan l ka rive jwenn premye kliyan l sou entènèt la ?
    • Èske yon biznis ki fenk ap lanse l an liy dwe kouri antre nan piblisite peyan ?
    Se pwen sa yo ak plizyè lòt ankò Herby Charles te touche nan premye epizòd Espace Marketing pou 2024 lan, kote li pataje divès konsèy ak strateji maketing pou yon biznis ka grandi sou entènèt la.
    Tande l kounya e pa ezite aplike konsèy li yo pou w jwenn bon rezilta ane sa a.
    52 min
  • Kreye yon ajans dijital ak yon platfòm fòmasyon nan 4 lane | Storytime with Etzer-Louis Charles

    Etzer se yon jèn k ap evolye nan domèn maketing an liy lan depi kèk lane. Aprè kèk tan ap pran bon jan fòmasyon ak coaching, li menm ak yon patnè l te deside kreye Specian Digital, yon ajans k ap founi akonpayman bay antrepriz isit kou lòtbò dlo. An plis de sa yo rive mete sou pye Specian Success Academy, pou ofri fòmasyon an liy sou plizyè aspè.


    Novanm 2023 sa ap fè Specian 3 lane depi li egziste. Etzer ap pataje pakou l ak eksperyans li nan #Storytime sa.

    32 min
  • Diferan fason ou ka Fè lajan gras ak Canva

    Byenvini nan yon nouvo seyans kesyon - repons Espas Maketing.

    Nan sesyon sa nou envite Etzer-Louis Charles ki pale de divès mwayen yon moun ka itilize Canva pou li fè lajan.


    Etzer se CEO Specian Success Academy yon platfòm ki ofri kou an liy sou metye nimerik yo. Li pwofite pataje yon spesyal sou yon pwogram ki disponib pwogram pou aprann fè kòb ak Canva. Lè w fin tande seyans sa, kontakte n dirèk.


    Si w pa ta renmen rate aktivite sa yo, rejwenn kominote nou an nan lyen sa : https://chat.whatsapp.com/E9LR48syrT1BFBXGRTzFV6

    1 hr 2 min
  • enpòtans kominikasyon nan karyè yon pwofesyonèl | Sarah M Zephyr

    Byenvini nan Espas Maketing.

    Nan epizòd sa, nou fè yon bèl chita pale ak Sarah Marlange Zephyr sou enpòtans kominikasyon nan evolisyon ak karyè tout pwofesyonèl.

    Sarah se yon spesyalis nan koze kominikasyon, li pataje anpil bèl konsèy ak teknik k ap ede w nan kèlkeswa domèn w ap evolye.


    Pa bliye kòmante epi pataje epizòd la si w twouve li enteresan

    43 min
  • Evolisyon rezo sosyal yo ak enpòtans yo nan maketing | Podcast Marketing Rezo Sosyal

    Byenvini nan #espasmaketing, pou nimewo sa nou chwazi pataje yon epizòd nan podkas Maketing rezo sosyal kote host nou @kimsbeljean ak Gaetan t ap diskite sou wòl rezo sosyal yo jwe nan maketing nimerik.


    Men kèk nan pwen yo touche :

    - kòman Digital Marketing te ye avan rezo sosyal yo ?

    - Nan yon plan marketing nimerik pou biznis, ki wòl rezo sosyal yo jwe ke lòt medium yo paka jwe

    - kòman Influencer Marketing ye Nan moman e ki avantaj li bay biznis

    - Règ nou dwe toujou aplike lè n ap fè marketing an liy

    - State social media jounen jodia, ak nouvo platfòm ki emèje yo ( Clubhouse, tiktok, Twitter spaces) e ki avantaj ou wè Nan chak.


    43 min

About Espace Marketing

From the publisher's feed

Jounen jodi a entènèt rantre nan kè maketing lan e nan kèlkeswa domèn ou ye a ou dwe byen itilize l si w vle pozisyone w kòm premye chwa kliyan yo.