
Sign up to save your podcasts
Or


Kèlkeswa pwojè w ap antreprann, li enpòtan pou w rekeyi bon jan enfòmasyon k ap ede w kreye bon baz pou atenn objektif ou.
Se menm jan nan maketing, ou pa ka rive fè siksè sou mache w la si w pa gen done sou piblik ou sible a, tandans mache sa e menm konkirans lan.
Byenvini nan podkas Espas Maketing, nan epizòd sa mwen :
• Pale de enpòtans rechèch ak analiz done genyen nan maketing,
• Dekri kèk sous kote w ka rekeyi enfòmasyon w bezwen yo,
• Pataje 5 zouti pou ede w fè travay sa menm si w se yon debitan.
Si w se yon pwofesyonèl, biznisman, pèsonalite piblik, konsèy ki nan epizòd sa yo ap itil ou anpil.
Tande l kounya, e pa neglije pataje l.
Epizòd sa se yon prezantasyon Jamesky Thelusma te fè sou divès eleman ki konstitye yon idantite vizyèl.
Si w se graphic designer oubyen ou gen yon startup li enpòtan pou w konprann eleman sa yo, y ap ede w byen reprezante mak ou.
Bon ekout !
Byenvini nan yon lòt epizòd Espas Maketing.
Fwa sa nou avèk Janlik Creative, (Luc Dufresne) pou n eksplore metye content writing la epi konprann pouvwa ekriti genyen nan mond nimerik la.
Janlik pataje konpetans ki nesesè pou w reyisi nan domèn lan, li devwale teknik pou demake w epi pwodui yon travay kalite.
Nan epizòd sa w ap jwenn yon lis zouti k ap ede w ret pwodiktif epi kreye bon jan kontni ki ka angaje odyans ou yo.
Pou fini li ofri kèk konsèy pou yon jèn an Ayiti ki ta swete vin yon content writer.
Tande l kounya e pa ezite pataje l nan kominote w.
Byenvini nan yon lòt nimewo Espas maketing !
Nan epizòd sa nou plonje nan inivè graphic design nan pou dekouvri pakou Ruth Pharissa J. JONCKA ak eksperyans li nan domèn nan.
Joncka pwofite pataje kèk teknik ak strateji li itilize pou amelyore travay li, demake l epi vann konpetans li pi byen chak jou.
Si w se yon graphic designer oubyen enterese ak domèn sa, w ap jwenn konsèy pratik sou tout sa w dwe fè lè w ap kòmanse, resous ou sipoze genyen e zouti ou dwe metrize.
Ke w deja etabli, ke w te yon debitan, nan epizòd sa w ap jwenn enspirasyon pou w byen pozisyone w sou mache ayisyen an.
Tande l kounya epi met kreyativite w nan yon lòt nivo.
Byenvini nan yon lòt nimewo Espas Maketing.
Nan epizòd sa nou :
• eksplore sektè maketing nimerik an ayiti an,
• Vizite diferan metye ki gen ladan l
• Analize diferan opòtinite li ofri pou grandi nan aspè pwofesyonèl,
• Gade defi ak obstak ki fas ak nou pa rapò ak reyalite peyi a,
• Prezante kèk strateji k ap ede w simonte obstak sa yo si w ta vle grandi nan sektè a kanmenm.
Rejwenn nou nan bèl prezantasyon sa e dekouvri kijan w ka konstwi yon bon karyè nan domèn sa ki pa janm sispann grandi.
Pa bliye pataje epizòd la epi abòne w ak nou pou plis toujou !
Sektè freelancing lan ap grandi chak ane. Gras ak nimerik la gen nouvo metye ki kreye sa ki bay plis opòtinite travay men tou plis konpetitè.
Jounen jodi a si w vle fè siksè kòm freelancer li enpòtan pou w metrize kèk teknik ak zouti patikilye e li nesesè pou w gen yon strateji k ap pèmèt ou byen pozisyone w.
Byenvini nan yon nouvo epizòd Espas Maketing. Pou seyans sa nou gen Jude Pierre-Louis ki vin pataje plizyè konsèy tankou :
• Bon fason w ka demare kòm freelancer,
• Kijan w ka jwenn premye travay ou,
• Ki resous pou w itilize
• E sitou kijan si w an ayiti ou ka konbat tout obstak yo pou w rive jwenn travay an liy.
M envite w tande epizòd sa epi pataje l nan kominote w. Pa bliye suiv nou si w potko fè sa pou w ka jwenn plis kontni sou maketing ak mond nimerik lan.
Klike sou lyen sa pou w rantre nan kominote nou an : https://bio.site/espacemarketinghaiti
Kisa entelijans atifisyèl ye ? Depi kilè li la ? Ki avantaj li ka bay biznis ou an nan kesyon maketing ? Se de tout sa ak lòt nou pale nan epizòd sa. Ou menm ki ta renmen gen plis enfòmasyon sou teknoloji sa, n ap envite w tande nimewo espas maketing sa e pa ezite pataje l nan kominote w.
Menm jan ak tout lòt aspè nan mond lan, evolisyon nimerik la afekte sektè atizay ak kreyatif la anpil. Pa bò isit anpil jèn ap itilize zouti dijital yo pou prezante e vann zèv yo pi byen. Nan epizòd sa nou te fè yon bèl chita pale ak Wendy Civil sou enpak nimerik la genyen nan mond sa.
Wendy se fondatè Hart's yon kominote ki la pou ankadre jèn atis ak kreyatè ayisyen. Nou envite w gade epizòd la e pa neglije pataje l...
Byenvini nan yon lòt epizòd Espas Maketing.
Nan epizòd sa nou pale de wòl " kontni " jwe nan strateji nimerik e nou pataje 4 etap nesesè k ap pèmèt ou kreye kontni pou fè yon bon kanpay maketing.
• Planifikasyon
• Kreyasyon
• Pwomosyon
• Evaliyasyon...
Tande l kounya e pa ezite di nou sa w panse !
Byenvini nan yon lòt nimewo Espas Maketing. Nan epizòd sila nou fè yon bèl konvèsasyon ak Gaetan Casseus sou enpòtans rezo sosyal yo genyen pou startup / PME yo. Gaetan pataje plizyè teknik ak strateji k ap pèmèt ou byen itilize platfòm yo pou w ka atenn objektif maketing ou. Ou gen yon ti biznis ? Yon startup? Branche epizòd sa kounya, ou p ap regrèt !
From the publisher's feed