
Sign up to save your podcasts
Or


Depi ane pase tout kote se yon sèl bagay k ap pale "Metaverse". Se nan menm moman sa tou konsèp reyalite vityèl ak reyalite ogmante a vin pi alamòd. Pou anpil moun teknoloji sa yo pral louvri pòt sou yon nouvo mond pandan gen lòt ki pa menm konn kisa mo sa vle di.
Si w fè pati de dezyèm gwoup la, podkas sa se pou OU.
Byenvini nan yon lòt epizòd podkas ESPAS MAKETING ! Nan epizòd sila nou gen avèk nou Karlex Dominique Boursiquot, Analis pwogramè epi kodirektè Tainos Visual Art. Dominique pataje konesans ak eksperyans li nan domèn lan, e gras ak sa nou rive konn kèk bagay tankou :
- Kisa ni metaverse ni reyalite vityèl ak ogmante a ye,
- Ki benefis yo pote,
- Kijan nou ka itilize yo
- Kijan sa ka ede n an Ayiti
- Elatriye...
N ap envite w tande emisyon an kounya e pa bliye pataje l nan kominote w si w satisfè de li.
Sa fè yon bon moman depi tout moun ap kleyonnen yon sèl bagay "MAKETING NIMERIK, MAKETING DIJITAL".
Sa ka rive jiskaprezan ou poko janm konn kisa l ye, ki kote l soti e menm ki kote l prale. Se pou sa menm nan epizòd sa nou pote kèk rechèch pou ou k ap ede w konprann domèn sa pi byen.
Lè w fin tande epizòd sa w ap tou aprann :
• Definisyon konsèp la ak diferan zouti li gen ladan
• Wòl li ak enpòtans li nan biznis
• Istwa kote l soti ak moman enpòtan yo
• Kèk tandans ki pral enfliyanse l nan jou k ap vini yo.
N ap swete w bon ekout e pa bliye pataje podkas la si w renmen sa w tande a 🚀
Mwen se Kims Beljean, e m ap di w byenvini nan espas maketing, yon podkas k ap ede w elaji konesans ou nan mond nimerik lan e dekouvri tout bèl bagay ki kache ladan l. nan 3èm sezon ESPAS MAKETING w ap jwenn :
1- Anpil bèl pèsonalite ki pral ede n rete "Up to date" nan domèn maketing, kreyasyon mak ak biznis an liy,
2- Bèl deba sou plizyè sijè modèn, inovan,
3- Teknik ak strateji k ap pèmèt ou fè siksè nan domèn nou sot site yo.
Espas maketing disponib sou tout platfòm podkas yo, kidonk depi kounya al abòne w ak nou epi branche chak samdi a 5è nan laprèmidi pou w tande anpil bèl sijè e sitou jwenn teknik ak strateji k ap ede w reyisi ak pwojè w yo.
Se espas pa w, espas pa n, ann eksplore l ansanm !
Malgre evolisyon rezo sosyal yo, imèl toujou rete youn nan pi bon zouti pou w fè maketing. Li ba w posiblite kreye yon lyen pèsonèl ak kliyan w yo e menm devlope yon relasyon kote w toujou pi pre yo.
Nan epizòd sa n ap envite w fè konesans ak Sarah Bureau yon jèn ki spesyalize nan domèn nan. Sarah pral montre w avantaj "Email marketing" genyen e l ap pale de youn nan pi gwo zouti ou sipoze ka metrize si w vle fè siksè nan aktivite sa MAILCHIMP.
Si w vle kreye yon relasyon ak kliyan w yo, fè yon kanpay imèl, epizòd sa se pou menm. Tande l kounya, pataje l nan kominote w e pa bliye bannou feedback sou li 😉
Byenvini nan edisyon spesyal Aprann Maketing Nimerik la.
Nan epizòd sa, nou te fè yon chita pale ak Anthony Saint-Clair AKA Tony Tuch (fotograf, videyograf) sou kijan yon moun ka kreye bon kontni videyo ki byen reprezante l sou entènèt la.
Si w se yon kreyatè vlog oubyen ou vle pwodui kontni videyo pou kreyasyon w, pwodui w oubyen sèvis ou koute nimewo sa kote Tony ap ba w konsèy ak teknik e sitou plizyè aplikasyon ak lojisyèl ou ka itilize pou atenn objektif sa.
Jounen jodi a entènèt rantre nan kè maketing lan.
Mache a gen anpil konkirans e nan kèlkeswa domèn ou ye a ou sipoze ka demake w epi byen pozisyone w pou w parèt kòm premye chwa kliyan yo.
Ou vle konn kijan pou w itilize zouti maketing nimerik la pou w devlope yon mak ki fò pou biznis ou, pwojè w menm pou tèt ou?
Koute APRANN MAKETING NIMERIK !
Se premye podkas ayisyen ki fokis sou maketing, kreyasyon mak ak biznis an liy. Chak dimanch nou reyini pou pataje teknik, konsèy ak strateji k ap pèmèt ou fè siksè nan domèn nan.
Emisyon sa se yon inisyativ ADM yon platfòm coaching ak fòmasyon nan sektè maketing lan.
Koute nou sou tout platfòm yo.
From the publisher's feed