MANTALITID

MANTALITID

Download on the App Store

MANTALITID episodes

  • Ki imaj ou gen de tèt ou ?

    Imaj yon moun gen de tèt li se yon reprezantasyon mantal sou kòman moun nan wè tèt li reyèlman. Imaj sa konstwi apati de eksperyans pèsonèl moun nan, sa lòt moun panse de li tou. Li se yon faktè enpòtan nan devlopman pèsonèl moun nan. 

    16 min
  • Fè sante mantal ou yon priyorite

    Yon sante mantal ekilibre ap pèmèt ou atenn pi wo nivo potansyèl ou. Se pou sa, nan tout aktivite w ap fè yo, sante mantal ou pa dwe yon opsyon, men pito yon priyorite. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn 5 pratik pou priyorize sante mantal ou.

    16 min
  • Sante mantal, nan ka yon moun ki gen VIH

    Malgre anpil efò ki fèt, VIH/SIDA toujou rete youn nan pi gwo pwoblèm sante piblik nan mond lan. Estrès, anksyete, diskriminasyon, estigmatizasyon [...], viv ak VIH kapab yon eksperyans sikoljik konplèks, ki afekte sante mantal moun ki konsène a. 

    15 min
  • 10 ABITID ki ka chanje lavi w konplètman

    Woutin yo, tout sa w ap fè chak jou yo, fason w panse, reyaksyon w fas ak defi  lavi a [...], gen gwo enfliyans sou byennèt ou, kalite lavi w ak ak sa w  ta swete reyalize. Se sa ki fè li enpòtan pou w kiltive ABITID ki ka chanje lavi w nan fason pozitif.

    16 min
  • Kòman ou ka ede yon moun ki fè DEPRESYON
    Daprè OMS, genyen anviwon 280 milyon moun ki ap soufri ak DEPRESYON nan mond lan. Chak ane, plis pase 700 mil moun touye tèt yo akoz DEPRESYON. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn estrateji kòman ou ka ede yon pwòch ou ki fè DEPRESYON.
    ---
    Send in a voice message: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/message
    Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/osman-j351r364me/support
    15 min
  • Kilè yon moun se yon analfabèt emosyonèl ?
    Emosyon yo endispansab nan ekilib ak devlopman nou kòm moun. Men, si yo pa byen jere, yo riske gen gwo enpak negatif sou kalite lavi nou. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale de tout sa ou dwe konnen sou analfabetis emosyonèl e kòman pou fè edikasyon emosyonèl tèt ou.
    14 min
  • Self-love
    Self-love pa yon demach egoyis, ni nasisik. Self-love, lanmou pou tèt ou, se yon pwofon eta apresyasyon pèsonèl, ki tradwi pa yon seri aksyon k ap debouche sou byennèt ou, epanouyisman sikolojik ou ak espirtyèl ou kòm moun.
    17 min

About MANTALITID

From the publisher's feed

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.