MANTALITID

MANTALITID

Download on the App Store

MANTALITID episodes

  • Non, SWISID pa yon lachte
    Daprè OMS, chak ane, anviwon 700 mil moun swiside tèt yo nan mond lan. Ka swisid yo souvan rive nan moman kote moun nan ap fè fas ak yon kriz, ki depase kapasite l pou l afwonte li. Donk ki pa gen anyen pou wè ak lachte.
    20 min
  • Twoub Seksyèl
    Twoub Seksyèl yo, se tout obstak klinikman sinifikatif, ki anpeche yon moun jwi plènman aktivite seksyèl li. Sityasyon sa konn tèlman preyokipe moun ki konsène a, li afekte byennèt li de fason jeneral. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale de tout sa w dwe konnen sou Twoub Seksyèl yo.
    22 min
  • Yon gid k ap ede w nan peryòd DÈY
    Dèy se yon pwosesis nòmal, natirèl. Se yon repons fas ak lanmò yon moun ki te enpòtan pou nou. Tout moun pa viv moman dèy yo menm fason. Gen moun ki pa janm rive fè dèy yon moun li te renmen. Sa ki riske pètibe byennèt emosyonèl li. Nan epizòd MANTALITID sa, nou ofri w yon gid pou ede w nan peryòd dèy.
    20 min
  • Mwens PLENYEN, plis GRATITID
    Gen moun ki tèlman renmen PLENYEN, yo fè l tounen yon mòd de vi. Se yon atitid ki non sèlman nosif pou byennèt yo ak sante yo, men tou ki afekte rapò yo ak lòt moun. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou kiltive plis GRATITID, olye w pase tout tan ap PLENYEN.
    16 min
  • Dismòfofobi (obsesyon kòporèl)
    Dismòfofobi karakterize pa yon obsesyon ak panse eksesif yon moun pa sispann nouri sou yon defo souvan imajinè li konstate nan aparans fizik li. Pèsepsyon irasyonèl sa fè moun nan gen yon imaj negatif de tèt li. Sa ki ka mete l nan yon soufrans emosyonèl epi afekte byennèt li.
    17 min
  • Li enpòtan pou pran yon POZ
    Responsabilite familyal, obligasyon pwofesyonèl [...], pou yon rezon ou yon lòt, vi anpil nan nou pwograme de fason otomatik. Nan chèche reponn ak egzijans lavi a fè nou, nou souvan bliye pran swen tèt nou. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou pran yon POZ, konsakre tan ak tèt ou e kòman ou ka rive fè sa.
    20 min
  • Twoub Anksyete
    Si anksyete se yon reyaksyon nòmal pi ka genyen fas ak yon sityasyon ki parèt menasan, men lè li pèsiste san rezon ki jistifye l, li ka tounen yon maladi ki paralize epanouyisman w ak pwodiktivite w. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou Twoub Anksyete yo.
    13 min
  • Kriz Karantèn
    « Kriz Karantèn » se yon peryòd de dout nan lavi nou, kote n ap remete tout bagay an kesyon. Se yon moman bilan ki vini ak kèk sentom ki ka afekte prèske tout aspè nan lavi moun ki konsène a. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou « Kriz Karantèn » nan.
    16 min
  • Enpòtans NITRISYON nan sante mantal
    Manje de fason ekilibre pa sèlman esansyèl pou kò fizik la, men li fondamantal tou pou bon ekilib sèvo a. Nan epizòd MANTALITID jodi a, nou pale sou kòman sa n ap manje yo ka enfliyanse sou sante mantal nou.
    15 min

About MANTALITID

From the publisher's feed

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.