Machann liv, kaye, soulye, valiz ak bwat di se pi move ane yo pase ane sa a, bagay ki rele lavant lan, yo pa konn sa ditou. Yo t ap reyaji kèk lè anvan lekòl lan relouvri demen lendi 3 oktòb la daprè gouvènman Ayisyen an. Yo mande tèt yo kouman lekòl lan pral fè louvri nan sitiyasyon malouk peyi an ap viv la. Pa gen gaz, pri kous machin plis ke double, lavi chè, ensekirite. Yon repòtaj mwen fè pou radio télé métropole. Klike sou lyen sa a, ann suiv ansanm.