Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Entèvyou ak Jacob Pierre-Louis sou zanmi kolaboratè li Bob Limontas ki janbe jedi 9 jiyè a; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
-Vandredi 17 jiyè 2026, 5pm: Veye Patriyotik pou Bob
-Samdi 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226
Samdi 18 jiyè 2026, 2pm: Lantèman frè nou Bob Limontas nan Torregrossa Funeral Home, 2265 Flatbush Ave nan Brooklyn, NY
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
-300 sòlda peyi Sri Lanka ateri mèkredi swa pou ranfòse Fòs Represyon oswa Sipresyon Gang nan; Nou lwen chif 5,500 sòlda plis 50 sivil zòt te pwomèt la
-Li ta parèt se an 2028 lènmi nou yo pral mete sekirite nan peyi a epi kreye espas pou nòmalizasyon peyi a ak eleksyon
Entèvyou ak frè nou Jacob Pierre-Louis ki gen kèk tan depi l tounen al viv ann Ayiti sou zanmi kolaboratè li Bob Limontas ki janbe jedi 9 jiyè a
Nou pase yon mizik Jacob konpoze entèvyou nou fè ak Jacob la enspire li epi li voye pataje li ak nou