Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
-Konbit pou n fin vann nouvo liv Hilario yo
-Dimanch 28 jen 2026, 4pm: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
-Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226
FIFA mande ekip foutbòl k ap reprezante Ayiti a wete mayo k te gen desen Batay Vètyè a sou yo; Restavèk k ap pale pou Ayiti yo reponn: Wi, Patwon
Ayisyen ki nan koze Koupdimond lan mande anraje pou jan match Ayiti-Ekòs la dewoule, yo di abit la fè kokenn; Petisyon gaye pou mande FIFA regade match la
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
-Finalman Iran ak Etazini toulede rekonèt yo gen yon dizon pou pran wout kanpe lagè ki genyen nan zòn nan; Èske antant sa a ap ateri tout bon vre? Pèson pa konnen
-Jedi k sot pase a, jij Henry Ricardo deside ansye Comptroller lavil NY la Brad Lander inosan nan konfrontasyon li ak ICE ki t ap eseye arete yon imigran nan 26 federal plaza
-American Airlines anonse apati Premye novanm l ap retounen ak vòl li yo nan peyi d Ayiti ak yon Boeing 737: Miami - Okap
-Ti komik Didier Fils-Aimé anonse etan l t al nan match Ekòs-Ayiti a, li fè yon gwo rankont wololoy ak kominote Ayisyen nan Boston an
-MUPANAH anonse yo mete mayo ekip ki reprezante Ayiti a ki gen desen Batay Vètyè a nan dokiman yo
-Lavèy vizit Antonio Gutteres ki se Sekretè Jeneral Nasyonzini nan peyi a òganizasyon bidon sa a anonse gen plis pase 2000 Ayisyen gang teworis touye nan peyi a nan premye 6 mwa ane a; Yo mande pou Fòs pou Kraze Gang yo a koumanse fè travay li prese prese