Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
-Dimanch 28 jen 2026, 4pm: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
-Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines
-Gwo bri ap kouri maladi ap gaye nan plizyè depatman nan peyi a; Ayisyen vijilan di pèp la Atansyon ak lènmi malveyan ki vle disparèt ras la
-Goudougoudou 7.8 frape zòn Sid Filipin
-Apre konpwomi ekip Trump lan sou 1.8 milya dola pou patizan li yo Sena Meriken an debloke 70 milya pou Homeland Security ak ICE regle zafè Gwo Moso pou 3 lannen ki rete l opouvwa yo; N ap gade sa Chanm Depite a ap di nan sa
-Dènye nouvèl nan lagè Meriken ap mennen kont Iran; Malgre Gwo Moso di otan zam ap chante tribò babò
-Nan sware 31 me otorite Turks ak Caicos ak otorite Meriken entèsepte 240 Ayisyen sou lanmè; Yo di se milimèt yo tout pa neye
-Vandredi k sot pase a ti komik lakay nou yo deplwaye yon tenb lapòs pou onore ekip foutbòl pèpè a ki kalifye pou koupdimond
-Gouvènman Fils-Aimé a depanse plizyè milyon dola vèt pou distribiye plis pase 700 "kit Ayiti nan Mondyal" ki gen gwo televizyon, jeneratè, gaz, aparèy son, ak lajan pou DJ fè animasyon