Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
Sòkòy se yon podcast kote nou lakay nou: nou lib pou n pale sou sijè Nou vle, pou n di sa nou panse, rakonte istwa n san laperèz. Paske eksperyans ou, sa ou panse ka ede yon lòt k ap tande w! Kidonk f... more
January 22, 2023Ep 29: Tcheke sou zanmi w ak Mozart, Laïka, PouchenieKilè yon moun zanmi w? Kilè w zanmi yon moun? Èske zanmi w ka fè w tout bagay? Èske l fasil pou pale de sante mantal ou ak zanmi w? Èske w konn pran tan tcheke sou zanmi w, chak Kilè ou fè sa? Nan epizòd sila Mozart, Laïka ak Pouchenie te pale sou zanmitay yo te pote repons yo a kesyon anvan yo e kèk lòt ankò....more47minPlay
January 13, 2023Ep 28: Chita pale sou pwokrastinasyon ak Pouchenie BlancKisa pwokrastinasyon ye? Èske tout moun pwokrastine? Èske l se yon maladi? Ki teknik ou ka itilize pou ede w ak pwokrastinasyon? Nan epizòd Pouchenie ap ede n jwenn repons a kesyon sa yo ak kèk lòt ankò....more22minPlay
December 11, 2022Ep 27: Ti koze sou nudes ak Wengel, LucGriyen l oubyen pa griyen l? Griyen kisa? Poukisa? Nan yon chita pale Luc ak Wengel te fè ak Za, yo te di l sa yo panse de nudes, si yo panse l enpòtan, kòman pou yon nude byen fèt ak anpil lòt bagay ankò....more1h 21minPlay
December 02, 2022Ep 26: Eske w ka tolere tout bagay?Nan epizòd sila Ryjnov ak Steeve te di nou kisa tolerans ye pou ou, èske yo panse nou ka oubyen ta dwe tolere tout bagay. Yo te fè yon bon pale sou tèm nan ak di tou poukisa yo panse tolerans enpòtan...more56minPlay
November 25, 2022Ep 25: Ti koze sou relasyon seksyel (pati 3) ak Luc, Jenny-Flore , RyjnovNan epizòd sila anpil koze pale....more1h 11minPlay
November 17, 2022Ep 24: Kilè yon moun dous? Envite: Jenny-Flore, Luc ak Ryjnov.Nan epizòd sila Jenny-Flore, Luc ak Ryjnov te di sa yo panse de itilizasyon kapòt nan relasyon seksyèl, de depistaj pou MST ak IST. Yo te pataje lide yo sou kèk pratik seksyèl tankou sèks oral, di kilè yo panse ou ka di yon moun dous, ak anpil lòt bagay ankò....more53minPlay
November 11, 2022Ep 23: Lekti ak analiz sou tèks “ma première fois” ak ReynaldReynald te pale nou de tèks “ma première fois” li ekri kote li t ap pale de premye relaksyon seksyèl li, de kòman li te viv eksperyans la, ak kèk lòt bagay tankou: enpòtans li panse edikasyon seksyèl genyen, de kèk mit li te konn tande sou premye fwa, elt....more49minPlay
November 03, 2022Ep 22: Ti koze sou relasyon seksyèl ak Rey, Shelcy, RyjnovNan epizòd sila Za fè yon Chita pale ak Rey, Shelcie epi Ryjnov ki t ap pale de premye eksperyans seksyèl yo, enpòtans edikasyon seksyèl gen , kisa yo panse de vijinite , kisa yo panse ki enpòtan pou relasyon seksyel byen pase ak anpil lòt bagay ankò....more1h 2minPlay
February 19, 2021Ep 21: Pawòl moun pa diminye valè w. Envite : SamaraAnpil fwa nou di mo yo san nou pa panse a dega oubyen kontantman yo ka pote lakay yon moun. Samara ki se yon jèn fi ki gwo depi l piti te pataje ak nou eksperyans li fè ak gwosè l pandan l t ap grandi, asèlman li te konn resevwa lè l te lekòl poutèt aparans fizik li. Li te pataje ak nou tou kèk pawòl blesan moun li rankontre nan lari konn di l. Men sitou li te di n kòman l te vin fè pou renmen tèt li ak jere brimad moun yo....more28minPlay
February 13, 2021Ep 20: Yon ti pale sou Sen Valanten ak DC'sNan epizòd sila DC's te pale nou de kisa l panse de Sen Valanten, de kòman l wè yo selebre l nan peyi l, kòman li menm li konn selebre l, kòman li defini èske l panse yo ka pwouve lanmou... Ak anpil lòt bagay ankò....more23minPlay