Nan epizòd sila Laïka ak Younie te di Za kisa jalouzi ye pou yo, kisa yo panse de li, èske li se yon bon oubyen move bagay , èske yo panse lanmou oblije mache ak jalouzi, èske yo panse w ka fè jalouzi pou menaj zanmi w, pou zanmi w, fanmiy ou, moun ki pa pou ou... Yo te di nou tou ki diferans yo fè ant moun ki jalou ak moun ki posesif. Ak anpil lòt bagay ankò.