Sòkòy

Sòkòy

By SikkremSociety & Culture
Download on the App Store

Sòkòy episodes

  • Ep 13: Balade Photographique ak Ryjnov Rémy.
    Jounen 19 dawout se jounen mondyal fotografi. Pou make jounen sila, Za te fè yon chita pale ak Ryjnov Rémy ki se yon jèn fotograf nan vil Okap pou pale de kèk bagay ki gen rapò ak fotografi. Tankou kisa fotografi ye, kilè yon foto bon, kisa ki esansyèl pou ka gen yon foto... Yo te fè yon pale tou sou "droit d'image" , èske paske yon moun voye foto l pou ou ou gen dwa fè sa w vle avè l? Ryjnov te pale ak nou tou de kèk pwojè li gen...
    1 hr 8 min
  • Ep 12: Seliba ak R. Carolinose Mompremier
    Nan epizòd sila Carolinose te di nou kòman li wè ak viv seliba l, rezon ki fè l selibatè, rezon li panse ki fè yon moun gen menaj, elatriye. Li te pataje ak nou tou kèk pawòl moun konn di sou seliba ki deranje l, pataje sa l panse sou kèk ekspresyon tankou moun gen menaj lè w pare pou marye, depi w selibatè ou mèt kòmanse jape... Li te bay kèk konsèy tou pou moun ki apèn selibatè, moun ki pè rete san menaj ak lòt ankò...
    53 min
  • Ep 10: On ti pale sou crush ak Za
    Nan epizòd sila Za te pale ak nou de kisa yon crush ye, èske l panse li se yon move bagay, èske li enpòtan ki enpòtans li, li te pataje ak nou tou 10 siy ki ka fè w konnen si w gen crush sou yon moun.
    28 min
  • Ep 07: Bilan yon lane apre 13 lane etid klasik ak Maria Friger DOLCINÉ.
    Nan epizòd sila Za te f'on chita pale ak Maria ki gen yon lane depi l fini ak etid klasik li de kòman ane sa te ye pou li, leson li tire ladan l. Maria te pataje avèk nou eksperyans li nan prefac, eksperyans li lwen manman l ke l pwòch anpil nan yon lòt vil apre nan yon lòt peyi, li di nou kòman ane filo a te ye pou li ak kèk lòt bagay ankò.
    37 min
  • Epizòd 6: Ann pale de enfidelite ak Stécie Guerrier.
    Nan epizòd sila, Za te envite Stécie Guerrier vin f'on pale akey de enfidelite. Stécie te di l kisa enfidelite ye pou li, kilè li panse ke yon moun enfidèl, kisa li konsidere kòm zak enfidelite, kòman li panse yon moun ka konnen si yap twonpe l epi pataje kèk konsèy tou pou moun y ap twonpe ak moun ki ap twonpe yon lòt.
    28 min
  • Epizòd 5: On ti chita pale sou eskiz.
    Nan senkyèm epizòd la, nou pral de eskiz. Gen plizyè mòd eskiz men nap fokis sou 2 ki se eskiz(pretèks) nou bay tèt nou pou nou pa fè yon bagay epi eskiz nan Sans mande padon an. Nou pral wè kisa ki konn fè nou pa sispann sere dèyè eskiz poun pa fè yon bagay , kòman nou ka jere sa. Epi poukisa nou dwe eskize n lè n blese yon moun e n regrèt sa epi kòman nou ka fè sa.
    15 min

About Sòkòy

From the publisher's feed

Sòkòy se yon podcast kote nou lakay nou: nou lib pou n pale sou sijè Nou vle, pou n di sa nou panse, rakonte istwa n san laperèz. Paske eksperyans ou, sa ou panse ka ede yon lòt k ap tande w! Kidonk…