Mwen vle prezante w yon seri ki gen 5 odyo kaptivan ke mwen ap prepare ki pral gide w sou fason pou w ranpli "rezèvwa emosyonèl" patnè w la nan relasyon an (swa nan maryaj la oubyen nan stad renmen an). Chak odyo chaje konsèy pratik ak lide pou enspire w nouri ak ranfose relasyon w.
Lanmou se yon fòs pwisan ki toujou mande antretyen chak jou pou I kapab fleri. Podcast sa pral ede w dekouvri nouvo fason pou w montre lanmou wak apresyasyon w pou patnè w la, epi kreye yon koneksyon ki pi pwofon, ki gen plis sans.
Apre w fin koute chak odyo, ke map pataje ak ou youn pa youn sou yon peryod de tan, mwen ankouraje w anpil pou pataje komantè w ak panse w yo ak nou. Eksperyans ou ak lide ou gen anpil valè, epi lè w pataje yo, ou ede anrichi seri sa a pou tèt ou ak lòt moun k ap koute yo epi nou pou nou ka amelyore kalite yo la lavni.
Pran tan pou koute odyo sa yo ak zorèy ou byen ouvri epi ak yon kè ki reseptif. Mete an pratik konsèy ki rezone ak ou epi gade chanjman pozitif li ka pote nan relasyon w lan. Sonje ke lanmou se yon vwayaj kontinyèl, epi odyo sa yo fèt pou akonpaye w nan vwayaj sa a.
Mwen swete w yon eksperyans anrichisan ak yon relasyon amoure ki satisfè. Mèsi pou patisipasyon wak angajman w pou fè relasyon w vin yon priyorite.
NB. Li posib ou resevwa odyo sa yo men relasyon w pa gen okenn pwoblèm, ou di mwens ou poko nan okenn relasyon ditou, alòs nou envite w kapab pataje I ak yon lòt ou konnen lap beni.
Faubert Maleb
Mèsi paske w egziste.