Mwen konsidere la vi m tankou yon Wayòm, m pa fòse pyès moun rantre ladan l, men sa k dakò rantre yo yo oblije respekte prensip ak règ ke mwen tabli yo…
Sa poko janm rive nou pou nou resevwa jan de mesaj sa yo sou telefòn nou, swa sou Whattsapp, Facebook…
"...Si tu aimes Dieu, envoie ce message à d'autres personnes"
"...Si tu es fier d'être chrétien, partage"
“Si w pataje mesaj sa konnen ou se pitit BonDye, si w pa pataje l konnen se zafè dyab la ou ye…”
"Etc."
Pandan wap tande m la m santi wap souke tèt ou pou w di WI, se toutan wap resevwa kalite vye mesaj sa yo, message moun ki inyoran ap pataje, mesaj moun ki gen memwa yo ki kout…
Banm poze ou menm yon kesyon, ou menm ki konn resevwa kalite mesaj sa yo.
Eske lè w resevwa yo sa pa raple w anyen ?
Spesyalman, moun ki konn li Bib yo !
Mwen menm pèsonèlman, sa raple m yon pakèt bagay.
pou mwen menm, mesaj sa yo sanble tèt koupe ak mesaj dyab la te bay Jesus ki ta eseye tante l sou tèt mòn lan.
"...Si tu es Fils de Dieu, ordonne que ces pierres deviennent des pains."
Si w se pitit BonDye vre, pase wòch sa yo lòd pou yo tounen pen”
"...Si tu es Fils de Dieu, jette-toi en bas"
Matthieu 4 : 3, 6
Si w se pitit BonDye vre, lage kò w anba…
kòmsi m ta di w si Jesus pat fè sal te mande l pou l fè a sè ke Jesus pat pitit BonDye.
Sa vle di se pa jodi a non Ènmi an ap tante pitit BonDye pou fe l fe bagay ke l pa dwe fè…
Eske Jesus te bezwen pwouve kikseswa ke li se pitit BonDye ? en verite m pa kwè sa!
De même, je n'ai pas besoin de partager des messages pour prouver que je suis Chrétien ou que j'aime Dieu.
Si je ne le fais pas, cela n'enlève rien à ma chrétienté, ni à mon amour pour Dieu.
Arrêtons ces genres de méthodes qui visent à culpabiliser les fils de Dieu.
Si nous devons partager un message, le Saint-Esprit lui-même nous en convaincra.
Si vous m'enverrez de pareil message, je ne vous compterez plus sur ma liste de contact Watts App.