Zòrèy nou kapab konsidere kòm matris lespri nou.
Menm jan yon matris nouri ak akouche yon timoun, se konsa zòrèy nou nouri epi bay nesans ak panse, ak lide ke nou konsome nan sa nou koute. Li enpòtan pou nou toujou panse sou kontni ke nap konsome yo, paske li gen pouvwa pou fòme panse nou, kwayans nou, epi finalman aksyon nou yo.
Lè nou chwazi pou koute kontni ki pozitif ak moral, se plante nap plante grenn enspirasyon, ki bay motivasyon ak kwasans nan lespri nou. Grenn sa yo gen potansyèl pou yo fleri nan yon mantalite ki pral ranpli ak optimis, rezistans, ak yon atitid ki bay bon jan karaktè. Lè nou kreye yon antouraj kap veyikile mesaj ki ka ankouraje nou, ki ka bouste, ebyen nou kreye otomatikman yon anviwònman ki sipòte devlopman pèsonèl nou ak byennèt pèsonèl…
Nan yon lòt bò, lè nou ekspoze tèt nou nan kontni negatif, kontni ki san valè… se tankou nap simen grenn ki bay dout, laperèz, ak negativite pou yo pran rasin nan lespri nou. Grenn sa yo sèlman ka grandi anndan yon mantalite ki chaje ak enkyetid, strès, epi ak yon pèspektiv limite sou lavi. Se sak fè li enpòtan anpil pou nou chwazi sa nap koute, paske li ka gen yon gwo enpak sou eta mantal ak emosyonèl nou.
Menm jan yon fanm ansent pran swen kò li epi evite sibstans danjere pou pwoteje sante pitit ki nan vant li an (sa vle di ki poko fèt), nou menm tou nou ta dwe toujou sonje a sa nap otorize pou antre nan zòrèy nou. Nou gen pouvwa pou nou chwazi sa nap koute ak sa pou nou inyore. Lè nou konsyan nan chwazi kalite kontni ak valè nou nou kite rantre nan matris zòrèy nou yo, nou ka kreye yon bon tè fètil pou panse ak lide pozitif byen fleri.
An konklizyon, zòrèy nou sèvi kòm matris lespri nou. Kontni nou chwazi koute gen potansyèl pou fòme panse nou, kwayans nou, ak aksyon nou yo. Se pou nou fè entansyonèl nan chwazi kontni ki ka ede nou grandi, ki ka pouse nou enspire, epi ki kapab motive nou, paske se atravè chwa konsyan sa a ke nou ka bay nesans ak yon mantalite ki sipòte kwasans ak byennèt nou.