MANTALITID

MANTALITID

Download on the App Store

MANTALITID episodes

  • Èske aparans fizik enpòtan nan lanmou ?
    Pa gen kritè inivèsèl nan tonbe damou. Chak moun gen preferans li. Si aparans fizik la konte pou kèk moun, pou kèk lòt, li pa gen twòp enpòtans. Nan epizòd MANTALITID sa, 7 envite bay avi yo sou kesyon an. E chak moun bay agiman pa yo.
    30 min
  • 5 etap fondamental pou byen rekonsilye ak tèt ou
    Aprè yon eksperyans dezagreyab, pafwa nou gen tandans dekonekte menm ak pwòp tèt nou. Sa ki nwizib pou byennèt emosyonèl ak devlopman pèsonèl nou. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn 5 etap enpòtan, pou ede w rekonsilye ak tèt ou aprè nenpòt eksperyans lan.
    14 min
  • 7 estrateji efikas, pou lite kont pwokrastinasyon
    Pwokrastinasyon, se abitid yon moun genyen pou l repòte pou demen, aktivite li ta dwe fè jodi a, pandan li konn pito fè yon lòt bagay li twouve ki pi agreyab e mwens egzijan pase sa li ta dwe fè a. Kisa menm ki koz pwokrastinasyon ? Kòman nou ka soti nan pyèj sa ? Repons kesyon sa yo ak lòt ankò, nan nouvo epizòd MANTALITID sa.
    16 min
  • Abi seksyèl sou ti gason : konvèsasyon ak yon viktim
    Abi seskyèl sou timoun, se tout konpòtman, atitid, enteraksyon yon moun genyen ak yon timoun, nan entansyon pou jwenn yon benefis seksyèl, oubyen itilize timoun nan seksyelman pou jwenn yon satisfaksyon. Max te gen 9 lane, lè yon responsab lekòl kote l te ye te abize li seksyèlman. Li rakonte kòman sa te pase, e kòman sa make lavi li.
    38 min
  • Abi emosyonèl ka gen konsekans grav nan lavi moun
    Abi emosyonèl, se tout konpòtman sistematik, yon moun genyen anvè yon lòt moun, ki riske pwovoke domaj sikolojik, ak dezekilib emosyonèl sou moun ki afekte a. Kòman ou ka idantifye abi emosyonèl ? Kòman ou ka fè fas ak li ? Repons kesyon sa yo ak lòt ankò, nan nouvo epizòd MANTALID sa.
    23 min
  • Mentalitude : Rezime ane 2021 an
    Pandan ane 2021 an, ansanm ak envite n yo, nou te gen okazyon prezante yon karantèn epizòd Mentalitude sou tematik sikolojik, sante mantal ak devlopman pèsonèl moun. Jodi a, nan dènye sòti pòdkas la pou ane a, nou prezante w yon rezime sou kèk sijè n te wè.
    21 min

About MANTALITID

From the publisher's feed

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.