MANTALITID

MANTALITID

Download on the App Store

MANTALITID episodes

  • Enpòtans MOTIVASYON nan lavi yon moun
    MOTIVASYON se yon konpozant sikolojik, ki gide e detèmine kondwit nou a yon objektif. Men, nou konn pèdi motivasyon nan prèske tout sa n ap fè. Nan epizòd Mantalitude sa, ak Jodelyn Georges ki gen yon paj sou motivasyon, n ap gade enpòtans motivasyon genyen nan akonplisman pèsonèl yon moun.
    25 min
  • S.O.S pou Pwoteksyon Dwa Timoun yo an Ayiti
    Devlopman sikososyal ak rannman akademik timoun yo difisil nan yon sosyete kote dwa yo pa respekte. Kisa Pwoteksyon Dwa Timoun yo ye? Kòman sa ye an Ayiti? Kisa ki dwe fèt pou sa amelyore ? Repons tout kesyon sa yo ak anpil lòt ankò nan epizòd Mentalitude sa.
    36 min
  • Kòman DJ Kemissa wè tèt li nan chobiz ayisyen ?
    Kémissa Trécile (DJ Kemissa) se yon jiris. Li chwazi fè DJ tou dabò pa pasyon pou mizik. Malgre obstak li rankontre kòm fi nan domèn nan, li deside fè yon diferans. Nan epizòd Mentalitude sa, li pale de eksperyans li, motivasyon l ak kòman aktivite sa kontribye nan moun li ye a.
    16 min
  • Pou kisa ou pa dwe pè rekòmanse ?
    Yon relasyon santimal ki mal fini, yon biznis ki kraze, yon echèk akademik [...], rekòmanse pa toujou fasil. Sitou lè batri emosyonèl ou dechaje. Men, rekòmanse apre yon eksperyans ki mal pasebkapab youn nan pi bon desizyon ou pran nan vi ou. Nan epizòd Mentalitude sa, w ap jwenn 5 estrateji k ap ede rekòmanse aprè nenpòt move eksperyans ou ta fè a.
    17 min
  • Sophia : « Papa m vyole m plizyè fwa lè m te gen 13 lane »
    Sophia te gen sèlman 13 lane lè papa l te vyole l. Se yon eksperyans twomatizan ki kite anpil sikatris sikolojik nan vi l. Nan epizòd Mentalitude sa, Sophia rakonte kòman sa te pase, ki aspè nan vi l ki afekte, epi ki travay li fè sou tèt li pou l rive viv ak sa.
    ---
    Send in a voice message: https://anchor.fm/osman-j351r364me/message
    Support this podcast: https://anchor.fm/osman-j351r364me/support
    36 min
  • Konvèsasyon ak yon polisye ayisyen
    Menm jan ak tout rès manm nan popilasyon an, fenomèn ensekirite a fè anpil viktim tou nan kan la polis la, ki pa toujou kapab reponn reyèlman ak responsabilite l. Nan epizòd Mentalitude sa, yon ajan UDMO ap pataje ak nou lekti l sou sityasyon an epi ak ki presyon sikolojik li souvan fè fas nan kad travay li.
    16 min

About MANTALITID

From the publisher's feed

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.