MANTALITID

MANTALITID

Download on the App Store

MANTALITID episodes

  • 7 tip de moun ou ta dwe evite | Epizòd 53
    Rapò sosyal ak lyen afektif nou devlope ak lòt moun enpòtan anpil nan devlopman ak emansipasyon nou kòm moun. Sepandan, anpil fwa relasyon sa yo konn tounen yon obstak pou lavi pèsonèl ak byennèt emosyonèl nou. Se pou sa, li toujou enpòtan pou n chwazi kiyès n ap frekante.
    15 min
  • Enpòtans lekti sou sante mantal moun | Epizòd 51
    Lekti se yon ekselan egzèsis serebral ki anrichi vi nou prèske nan tout domèn. Fòmasyon, enfòmasyon, aprantisaj, divètisman [...], menm si tout moun pa li pou menm rezon an, men abitid fè lekti gen anpil byenfè sou sante mantal moun ki pratike l yo.
    36 min
  • Aprann bay tèt ou priyorite
    Pou divès rezon, anpil nan nou konn souvan gen tandans bliye tèt yo, neglije nesesite yo, pou reponn ak bezwen lòt moun. Solidarite ak jenewozite, se kèk kalite fondamantal pou amonize rapò nou ak lòt moun. Men, sa dwe pratike nan yon ekilib ki pap detwi byennèt pa nou.
    12 min
  • Enpak sikolojik règ ka genyen nan lavi yon fanm
    Jiskaprezan, règ medam yo rete yon sijè tabou. Anpil moun, gason sitou konn banalize l. Nan nouvo epizòd Mentalitude sa, ak doktè Kerry Norbrun nou gade sa règ la ye menm, epi wè ki enpak sikolojik li ka gen nan lavi fanm yo. Answit, 4 fi pale de eksperyans yo ak règ yo.
    32 min
  • Men kòman ou ka devlope entelijans emosyonèl ou
    Entelijans emosyonèl se yon ansanm abilite natirèl nou genyen, ki ka pèmèt nou rive gen kontwol sou santiman ak emosyon nou yo, nan lide pou favorize non sèlman yon pi bon devlopman pèsonèl nou, men tou favorize bon jan rapò sosyal nou ak lòt moun.
    22 min
  • 7 gwo benefis meditasyon genyen pou byennèt nou
    Meditasyon fè referans ak yon ansanm egzèsis mantal ak refleksyon yon moun mete l nan pozisyon pou li fè sou yon bagay an patikiliye. Se yon aktivite ki gen yon aspè espirityèl, kote finalite a se rive modifye emosyon pratikan an nan yon sans pozitif, pou favorize byennèt li.
    19 min
  • 7 teknik pou ede w jere estrès
    Sou yon fòm ou yon lòt, aktivite n ap antreprann yo, sityasyon n ap fè fas nan vi a konn rann nou estrese. Si estrès la parèt inevitab, men genyen fason nou ka fè fas ak li.
    13 min
  • 7 move abitid ki ka ogmante estrès nou
    Konpòtman ak atitid nou se pami faktè ki ka deklannche estrès lakay nou. Anpil fwa, fas ak sityasyon yo, reyaksyon nou yo konn detèminan nan nivo estrès ki ka afekte nou. Se pou sa gen kèk move abitid nou dwe elimine.
    11 min
  • Tout sa ou dwe konnen sou estrès
    Estrès se yon reyaksyon natirèl kò nou genyen fas ak yon menas oswa yon danje. Se yon eksperyans emosyonèl ki trennen ak li yon chanjman rapid fizyosikolojik nan konpòtman nou. Lè estrès la pèsiste li ka gen gwo konsekans sou sante nou an jeneral.
    19 min

About MANTALITID

From the publisher's feed

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.