MANTALITID

MANTALITID

Download on the App Store

MANTALITID episodes

  • Konvèsasyon ak yon masisi ayisyen
    Gino se yon masisi ayisyen ki gen 45 lane. Li etidye kominikasyon sosyal nan FASCH. Menm jan ak anpil lòt omoseksyèl an Ayiti, asime oryantasyon seksyèl li trennen anpil konsekans tankou diskriminasyon ak lòt sousi emosyonèl. Kilè l dekouvri li gen atirans pou gason ? Kòman antouraj li te konprann sa ? Kòman li viv ak tout blokaj sosyal yo ? Li te reponn tout kesyon sa yo ak anpil lòt ankò nan epizòd Mentalitude sa.
    36 min
  • Obed Lamy, yon jounalis ak pasyon
    Apre eksperyans li nan divès medya an Ayiti, Obed Lamy sot fè yon metriz nan jounalis nan peyi Etazini. Pou kounya li ap fè yon karyè nan domèn dokimantè. Kote pasyon pou jounalis sa soti? Kòman l rive entegre l nan sosyete ameriken an ? Obed se envite nou nan epizòd Mentalitude sa, kote li ap pale de pakou li, ki ka sèvi w kòm enspirasyon.
    25 min
  • Reparasyon sikolojik pou kè ki brize nan lanmou
    Sendwom kè brize nan lanmou se yon ansanm eta ak pwosesis sikolojik yon moun travèse pou eksprime desepsyon ak fristrasyon li aprè yon relasyon santimal ki kraze. Nan epizòd Mentalitude sa, w ap jwenn estrateji pou sòti nan soufrans emosyonèl sa, ki konn gen gwo enpak sou lavi moun ki afekte a.
    16 min
  • 7 erè grav ki kraze anpil relasyon santimantal
    Malgre prèv lanmou ki konn egziste ant patnè yo, viv relasyon a 2 pa toujou yon eksperyans fasil. Si ka toujou gen diskisyon ak enkonpreyansyon nan koup la, men gen kèk erè grav ki konn presipite kraze relasyon an. Nan epizòd Mentalitude sa, nou mansyone 7 nan yo epi di w kisa pou fè pou evite erè sa yo.
    16 min
  • 5 atitid sikolojik enpòtan fas ak dezas natirèl
    Dezas natirèl yo fè pati pwoblèm sante piblik ki afekte sante sikolojik nou. Yo konn kite sekèl emosyonèl ki make nou pou tout lavi. Nan epizòd Mentalitude sa, nou ba ou 5 atitid enpòtan sikolojik ki ka ede w jere sante mantal ou nan moman katastwòf natirèl, tankou yon tranblemantè.
    19 min
  • Konplèks enferyorite
    Konplèks enferyorite se yon santiman ensifizans ak ensekirite, ki vini apati yon defisyans fizik oswa sikolojik ki kapab reyèl oswa imajinè nan tèt yon moun. Sa ki fè moun nan santi l mwens pa rapò ak yon lòt moun. Men gen fason ou ka konbat pèsepsyon irasyonèl sa.
    20 min
  • Prevansyon kont depresyon
    Kontrèman ak sa anpil moun panse, depresyon pa fè diskriminasyon. Tout moun, nan yon moman nan vi yo, pou yon rezon ka tonbe nan depresyon. Si ou pa ka gen kontwòl faktè jenetik ak biyolojik ki ka kondwi a depresyon, men estil vi w ap mennen an ka ede w redwi faktè risk pou ta tonbe nan depresyon.
    17 min
  • Prevansyon kont swisid
    Swisid se youn nan pi gwo pwoblèm sante piblik mond lan ap konfwonte. Chak ane, plizyè milye moun met fen ak lavi yo akoz yon sityasyon difisil yo paka sipòte. Men, menm jan ak tout lòt pwoblèm sante piblik, gen mwayen nou ka ede nan prevansyon kont swisid.
    19 min
  • 5 fason pou jere emosyon « negatif » yo
    Emosyon yo se yon ansanm repons fizyolojik, sikolojik ak fizik nou genyen fas ak yon demann oswa yon evènman ki souvan vini sanzatann. Si objektif yo se pèmèt nou adapte nou ak yon sityasyon, men anpil fwa nou konn pa ka jere yo, sitou lè yo dezagreyab. Ebyen, men kòman ou ka rive fè sa.
    19 min

About MANTALITID

From the publisher's feed

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.