MANTALITID

MANTALITID

Download on the App Store

MANTALITID episodes

  • Pou yon pi bon entegrasyon nan peyi etranje
    Sikolojikman, viv nan peyi etranje pa toujou yon avanti ki fasil, menm si l ka ofri anpil opòtinite. Men, si n rive adapte n, se kapab yon bèl eksperyans. Gusterline Charles, yon espesyalis nan sikoloji endistriyèl òganizasyonèl ap eksplike n kòman n ka fè sa.
    19 min
  • Relasyon toksik
    Lè 2 moun ki renmen chwazi viv ansanm nan lanmou ak konpreyansyon sa mande, se yon bèl senbyoz. Men, konsa tou, anpil fwa relasyon koup yo konn tounen yon lyezon konplike. Ki sa ki koz sa? Ki karakteristik yon relasyon toksik? Kòman nou ka sòti nan yon relasyon ki pap mache?
    21 min
  • Ti koze ak yon moun andikape
    Anpil moun nan sosyete a konn aji ak prejije epi diskriminasyon kont lòt moun ki gen yon andikap fizik oswa mantal. Sa ki konn afekte lavi moun ki andikape a. Nan epizòd Mentalitude sa, Mildred Latortue ki fèt ak yon andikap fizik ap pale nou de eksperyans li.
    21 min
  • Aprann viv nan lajwa
    A yon moman ou yon lòt, nou konn fè fas ak kèk sityasyon ki vini ak fristrasyon, desepsyon ak tristès, sa ki kapab afekte byennèt nou. Men, ak entelijans, nou ka aprann kiltive lajwa ak kè kontan lakay nou. W ap jwenn 8 sekrè nan epizòd Mentalitude sa.
    14 min
  • Gratitid, yon bon alye pou sante mantal
    Gratitid se yon eta despri, yon santiman rekonesans anvè yon moun ki fè byen ak nou, ki ensite nou fè yon jès an retou. Kidonk, se yon repons emosyonèl a yon bagay nou resevwa. Men, ki enpòtans li genyen sou sante mantal ak sante fizik nou? Repons la nan epizòd Mentalitude sa.
    15 min
  • Enèji pozitif pou 2021
    Ane 2020 an se te yon ane difisil nan tout sans. Ki leson ou aprann de li ? Ak ki santiman ak enèji w ap antre nan 2021 an ? Epizòd Mentalitude sa ap ede ou nan elabore yon plan estratejik, nan lide pou byen antre nan nouvo ane a.
    23 min
  • Aba vyolans sou timoun
    Vyolans enfantil, se yon pwoblèm mondyal ki genyen gwo konsekans non sèlman sikolojik ak sanitè sou ti moun ki viktim nan, men tou repèkisyon yo afekte sosyete a an jeneral. Paske yon timoun ki viktim de nenpòt tip de vyolans nan anfans li, genyen risk pou devlopman pèsonèl li ak diyite l afekte kòm moun.
    28 min
  • Atachman emosyonèl, atansyon danje
    Atachman emosyonèl se yon lyen afektif ki egziste ant 2 moun, kote gen yon tandans pou moun sa yo toujou gen yon kontak pèmanan, sitou yon prezans fizik. Lyen afektif sa souvan entans, dirab epi li jwenn sans li nan reyaksyon resipwòk ki devlope ant 2 moun yo. Objektif yon relasyon sa konsa, se chèche yon pwoteksyon, yon sekirite, sitou nan moman difikilte yo.
    23 min
  • Enfliyans rezo sosyal yo sou konpòtman nou
    Nan yon fòm ou yon lòt, itilizasyon rezo sosyal yo pote anpil chanjman nan fason nou viv. Èske yon moun ka gen yon konpòtman sou rezo sosyal yo epi li gen yon lòt konpòtman nan lavi reyèl li ? Kòman konsomasyon n ap fè sou rezo sosyal yo ka modifye konpòtman nou ? Pou kisa tout mou ap chèche bay yon bèl aparans sou rezo sosyal yo ?
    40 min
  • 7 etap pou ogmante konfyans nan tèt ou
    Genyen konfyans nan tèt nou, se yon eleman endispansab nan devlopman pèsonel. Men, pou yon rezon ou yon lòt, nou konn rive nan yon moman nan vi a, nou pèdi konfyans nan tèt nou. Sa ki konn pwovokove yon parilizi sikolojik, ki anpenche nou avanse. Men 7 fason nou ka jere sa.
    11 min

About MANTALITID

From the publisher's feed

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.