MANTALITID

MANTALITID

Download on the App Store

MANTALITID episodes

  • Kriz emosyonèl
    Yon kriz emosyonèl, se yon eta ajitasyon ak twoub ki afebli enèji ak kapasite nou nan moman nap afwonte yon sityasyon difisil oswa yon pwoblèm. Donk, inadaptasyon sa vin kreye yon dezòd sikolojik ki ka trennen gwo soufrans emosyonèl si ou pa byen jere li.
    11 min
  • Pa konfonn depandans emosyonèl ak lanmou
    Egzistans lanmou ak afeksyon nan relasyon 2 moun ki renmen, se youn nan pi bèl melanj santiman, emosyon ak pasyon ki te ka egziste. Men, lè youn nan moun yo tonbe nan yon depandans emosyonèl, kote tout byennèt li depann de patnè li a, genyen yon dezikilib sikolojik ki dwe korije an ijans.
    20 min
  • 7 fason pou jwenn motivasyon nan tout sa wap fè
    Motivasyon se tout rezon ki pwovoke nou a poze yon aksyon. Se yon konpozant sikolojik, ki gide epi detèmine kondwit nou a yon objektif byen espesyal. Men pafwa, nou konn pèdi motivasyon nan kèk sa nap fè. Sa ki konn vin rann nou manke pwodiktif nan vi nou.
    13 min
  • 10 kòmandman sante mantal ou dwe konnen
    Sante mantal se yon eta ekilib emosyonèl, mantal ak fason nou konpòte nou, ki pèmèt nou devlope tout potansyèl nou kòm moun. Men se pa tout moun ki rive jwi nivo byennèt sa. Alò men 10 fason ou ka rive fè sa.
    15 min
  • Kòman pou afwonte lanmò yon moun ou renmen
    Pèdi yon moun nou renmen, se youn nan pi gwo defi emosyonèl nou ka rankontre nan vi nou. Bliye moun sa se yon bagay enposib. Men si nou aprann konnen kòman pou nou fè dèy la, nou ka rive soulaje soufrans lan, pandan n ap kontinye vi nou san moun ki mouri a.
    23 min
  • 10 estrateji enpòtan pou aprann renmen tèt ou
    Pafwa, aprè yon evènman, yon move eksperyans, oswa fas ak yon moman difisil, vi a kapab dezanime nou, fè nou menm pèdi lanmou pou tèt nou. Men, si nou konsyan de sityasyon an, nou ka rebondi pandan n ap aprann renmen tèt nou.
    14 min
  • Men kòman ou ka kontwole panse negatif yo
    Panse negatif se yon ansanm pèsepsyon ak konpreyansyon nou genyen sou pwòp tèt nou oswa de mond lan ki pa souvan kadre ak sa reyalite a. Ide irasyonèl sa yo kapab afekte tout aspè nan vi nou, soti nan byennèt nou pou rive nan rapò nou devlope ak lòt moun.
    30 min

About MANTALITID

From the publisher's feed

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.