MANTALITID

MANTALITID

Download on the App Store

MANTALITID episodes

  • Vyolans seksyèl : yon krim nou dwe konbat
    Vyolans seksyèl, se tout kontak ak tantativ rapò seksyèl ki fèt sou yon moun san konsantman li. Vyolans sa ka pran divès fòm tankou asèlman, presyon sikolojik, fòs fizik, penatrasyon fòse elatriye. Se yon krim ki gen gwo enpak nan lavi viktim yo. Kèk nan yo konn menm rive touye tèt yo aprè. ‬
    16 min
  • Èske masisi ak madivin se yon maladi ?
    Seksyalite kay moun se tout kondisyon anatomik, fizyoloji, sikolojik, sosyolojik, kiltirèl ki karakterize nou epi defini idantite nou kòm moun. Men, nou tout pa gen menm oryantasyon seksyèl. Alò, èske 2 moun menm sèks ki gen rapò seksyèl se yon twoub mantal oswa yon pwoblèm emosyonèl ?
    12 min
  • Pa gen sistèm edikatif san Sikològ
    Sikoloji Edikatif, se yon branch nan sikoloji, ki gen pou misyon etidye kòman transmisyon ansèyman ak aprantisaj yo ap fèt nan lekòl yo. Objektif li se analize epi konprann pwosesis aprantisaj la, answit devlope strateji ki pèmèt elèv ak etidyan yo aprann pi byen epi bay pi bon rezilta.
    14 min
  • Kilè yon moun antisosyal ?
    Twoub Pesonalite Antisosyal karakterize pa yon tandans jeneral, kote yon moun montre li endiferan vizavi nòm sosyal yo epi manifeste mepri ak ensansibilite pou emosyon ak dwa lòt moun.
    13 min
  • 15 konsèy enpòtan pou ka viv pi byen
    Byen viv, viv byen, pa depann sèlman de nivo sosyal ak ekonomik yon moun. Selon objektif ak aspirasyon yo, chak moun mennen vi yo yon jan. Men, an jeneral, tout moun ta swete gen yon vi ki fè li plezi. Men pou sa, gen kèk prensip pou aplike.
    15 min
  • Pou kisa li enpòtan pou gen OBJEKTIF nan vi ou
    Pou kèk moun, fikse yon objektif epi reyalize l se yon bagay natirèl. Pou anpil lòt, sa mande yon gwo efò. Dayè, gen moun ki pa janm gen objektif nan vi yo. Ki enpòtans objektif yo nan devlopman pèsonel nou kòm moun ? Se sijè setyèm epizòd Mentalitude la. ‬
    14 min
  • Coronavirus : kòman pou nou pwoteje sante mantal nou
    Sou yon fòm ou yon lòt, moun renmen santi li an sekirite. E yon fwa sekirite sa menase, li ka kreye dezòd emosyonèl lakay nou tankou strè, ansyete elatriye. Ebyen jounen jodi a, youn nan bagay ki mete anpil nan nou sou yon gwo panik emosyonèl la se pwopagason nouvo Coronavirus la ki rele Covid-19 ki pa sispann enfekte epi touye moun preske nan tout mond lan.
    22 min
  • 10 prensip enpòtan pou ka gen yon pi bon vi seksyèl
    Seksyalite kay moun fè referans ak dimansyon fondamantal nou kòm moun. Se tout sa ki defini nou, ki reprezante idantite nou. Rapò seksyèl yo gen anpil benefis pou sante fizik ak sante mantal nou. Men, malerezman, pou yon rezon ou yon lòt, se pa tout moun ki jwi de sa.
    20 min

About MANTALITID

From the publisher's feed

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.