Jodi a, nan emisyon nou an, nou te pran yon ti tan pou pale de sinema ayisyen, yon aspè enpòtan nan kilti nou ki souvan pa jwenn ase rekonesans. Nou te mete aksan sou de fim ki ap domine aktyalite semèn sa a: July 7 ak Kidnapping Inc.
Nou te pataje premye souvni nou ak sinema ayisyen — premye fwa nou te wè yon fim lakay, emosyon li te leve lakay nou, ak jan li te fè nou santi nou reprezante sou gran ekran an. Chak moun te gen fim pa yo ki te make yo, sòti nan gran klasik tankou La peur d’aimer, Piwouli , I Love You Anne etc , rive nan travay plis resan ki kontinye mete limyè sou kilti nou
Nou te analize tou sa yo rele "peryòd dore" sinema ayisyen an — epòk kote anpil fim te ap sòti ak enpak, kote reyalizatè yo t ap eksplore divès tematik: politik, lanmou, relijyon, sosyal, e menm mistik. Se te yon moman kote sinema te vin tounen yon zouti refleksyon kolektif, yon mwayen pou di verite, eksprime kilti etc
Diskisyon an te mete aksan sou evolisyon sinema a, defi l ap fè fas — tankou mank finansman, pwoblèm difizyon, pirataj etc.
Enjoy!