Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.
December 15, 2024Nouvèl Eksperyans (avèk LEX)Ane 2024 la nan dènye koub lan pou li fini!Chak ane tout moun toujou fikse tèt yo nouvo objektif oubyen anvizaje fè dè bagay ke yo pot ko janm fè nan ane ki vini avan yo. Rezon dèyè fenomèn sa se pou mete piman nan lavi yo.Nan epizòd 68 la, ti mesye yo ak LEX deside pataje avèk yon seri de nouvèl eksperyans ke yo viv nan premye 2 semenn mwa Desanm lan avèk TchilaksFAM♥️ lan.ENJOY epizòd la epi sonje: LAVI KOUT 😇...more1h 22minPlay
December 10, 2024Tourism (avèk Nick).Semèn sa a Tchilaks tap fè TOURISM e te desann nan lakou TEXAS pou al vizite yon zanmi de long dat ni Johalex ni Thierry. Kòm bon zanmi podcast la li te dakò pou pandan nou avèk li nan vil San Antonio a pou nou te tou fè yon ti bat bouch sou koze sou vwayaje ak al vizite lòt kote, sa yo rele tourism la.Nan konvèsasyon an nou te pale de tourism lokal, tourism entènasyonal. Chak entèvenan yo tire nan eksperyans pa yo epi pale de tout byenfè vwayaje genyen daprè yo.Enjoy epizòd 67 la ak kokennchenn envite ki ladanl lan.Nou pap di twòp men te gen emosyon!...more1h 51minPlay
December 01, 2024MATIRITE nan relasyon (avèk LES ATACHÉS)Lè relasyon ant 2 moun ap grandi, matirite 2 moun yo e sitou matirite relasyon an vin kapital.Definisyon yon relasyon ki gen matirite se yon relasyon ki gen respè mityèl, respè limit lòt, kapasite pou koup la rezoud gwo konfli san kraze brize, etc.Jodi a sou yon panèl ki plen kou ze ak anpil envite espesyal, ti mesye Tchilaks yo chita pale sou matirite nan relasyon. Anpil pwen debat e sitou anpil nan envite yo itilize relasyon pase e prezan pa yo kòm egzanp. Gen anpil bagay pou aprann, gen anpil koze pou tande so Enjoy!PASE BÒN SEMÈN! 🫶🏾...more2h 17minPlay
November 24, 2024POTO (avèk Cedrick)POTO se sijè epizòd 65 lan e li soti de yon fidèl oditris podcast la. 🫶🏾♥️Nan epizòd la, timesye yo ak Cedrick rakonte istwa kote yo te pran e te bay POTO. Ki reyaksyon lè yo pran poto e ki rezon ki fè yo bay poto. 😅Enjoy!...more1h 25minPlay
November 17, 2024Bonuce (avèk Lex)Epizòd "Bonuce" la se pou nou reyaji a tout feedback ak kòmantè ke zanmi fidèl podcast la kite pou nou sou divès epizòd avan epizòd 64 la.Se fason pa nou pou nou toujou raple ou ke nou TOUJOU li e apresye chak grenn feedback ak kòmantè fidèl oditè nou yo.Nou RENMEN nou! ♥️...more1h 47minPlay
November 10, 2024Relasyon avèk BOPARAN (avèk Doris & Kitty)Lè 2 moun deside ini yo, li jeneralmann vle di ke fanmi 2 moun sa pral fè “kolizyon”. Paran chak moun yo souvan fè pati de moun ki pi enpòtan e ki gen plis enfliyans sou koup la, sa vle di relasyon ki pral devlope AK boparan yo men tou ANT boparan yo enpòtan anpil.Nan epizòd 64la ti mesye yo ak 2 envite spesyal chita pale sou enpòtans men tou diferan aspè ke relasyon sa yo ka genyen.Yo fè yon bèl deba sou kijan relasyon ak boparan ka “make or brake“ yon koup.Enjoy!...more2h 4minPlay
November 03, 2024Eleksyon (avèk Jefferson)Si ou pat konnen, Madi kap 5 Novanm 2024 la pral gen eleksyon jeneral nan peyi Etazini.Nan okazyon sila a ti mesye yo fè yon ti bat bouch sou egzèsis al vote a.Jan nou ka imajine, yo fè paralèl ant jan koze vote pase nan Etazini ki se kote yo ap viv ak Ayiti ki se kote yo grandi.Yo pale de eksperyans pèsonèl yo - ki pa rich - men tou de pwendvi yo sou koze sifraj inivèsèl la.Lè ou fin tande e enjoy epizòd la pa bliye ranpli devwa sivik sa a.Egzèsis vote a se yon dwa ke predesesè nou yo te goumen pou nou genyen jodia e anpil nan yo te peye pri a ak lavi yo men tou, se yon devwa ki enpòtan paske se youn nan zouti ke ou genyen pou ou mete ti dizon pa ou nan efò pou sosyete an avanse!Pase bòn semèn!...more1h 29minPlay
October 27, 2024CarimiYoun nan pi gwo anons pou fen dane 2024 la se bal Carimi ki pral fèt nan lakou Nouyòk la. Anons sa fè deba nan mitan ni moun ki fanatik ni moun ki pa/pat fanatik djaz la. Gen de moun ki toujou gen yon gou amè nan bouch yo akoz senp fèt ke nèg yo te kite djaz la kraze, gen de lòt moun se fatalite ki te pase nan premye bal reyinyon yo te òganize an.Thierry kòm fanatik djaz la fè yon ti bat bouch ak Johel ki pa fanatik limenm sou dosye sila a.ENJOY!...more1h 27minPlay
October 21, 2024DoubStanda GASON (avèk Lex & Jefferson)Doubstanda nan mitan 2 antite kèlkonk toujou kreye deba. Youn nan pi gro doubstanda nou konnen se sila ki ant gason ak fi e nan epizòd 61 an timesye yo akeyi Lex ak Jefferson pou eksprime/debat/rakonte jan yo konprann e viv fenomèn sa nan pwendvi GASON.ENJOY epi sonje doubstanda nan mitan 2 antite PA VLE DI youn nan antite yo siperyè oubyen enferyè ak lòt la, se jis yon diferans nan jan sosyete a defini epi jije menm aksyon 2 antite sa yo ta poze....more1h 29minPlay
October 13, 20246 Rivalite Istorik60 epizòd deja! 🥳Pou selebre sa kòmsadwa avèk fidèl oditwa yo an, Johel ak Thierry debat sou 6 pi gwo RIVALITE ki make lavi yo.ENJOY!...more1h 38minPlay
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.