Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.
July 28, 2024Top 3 Fyète/Regrè (Avèk Kiki & Lex)Tchilaks Podcast gentan gen 50 epizòd! Se yon fyète pou nou e nan lide pou nou pataje santiman sila a ak fidèl oditè/oditèz nou yo nou anrejistre epizòd la pandan nap pataje top 3 fyète ak regrè nou genyen jiska jodiya.Se yon egzèsis ki trè efikas pou ede yon moun asime erè epi apresye eksplwake li te fè nan pase li.Nou espere wap ENJOY li menm jan nou te pran plezi anrejistre li pou ou!#Tchilaks50...more1h 44minPlay
July 21, 2024Prezante menaj bay PARAN (vèsyon gason)Prezante yon moun ou avèk li lakay paran'w oubyen fanmi'w se toujou yon gwo etap nan yon relasyon. Lè sa fèt se konn siy ke relasyon an pral pran oubyen pran yon faz ki pi serye.Nan epizòd 49 la, sou demand esepsyal youn nan oditè fidèl Podcast la, ti mesye yo pral debat sou sijè sa a. Yo pral abòdel selon pwendvi gason e evidaman yo pral pran egzanp sou lavi pa yo.Men bagay sa a se pa yon syans, pa gen yon repons fiks e kondisyon yo ka varye selon sitiyasyon yo. Nou espere ke ou menm kap koute a ap ENJOY!!...more1h 31minPlay
July 14, 2024Pakou atistik (avèk MLF Desgrottes)Anpil fwa nou sèlman fokis sou zèv ak talan atis nou yo, san nou pa janm pran tan pou plonje nan pase yo pou dekouvri pakou yo, kote yo soti, obstak yo te rankontre nan wout yo, kisa ki te enspire yo lè yo tap demare, kisa ki te ede yo pa abandone pou yo ka rive kote yo rive jounen jodia.Nan epizòd 48 la nou te gen lònè resevwa Moumoune (fan #1 Tchilaks Podcast) ki pratike penti ak ekriti sou non MLF Desgrottes ki tap etale pakou atistik pèsonèl li avèk nou.Se te yon bèl konvèsasyon via telefòn kote Johel ak Thierry aprann anpil de li e nou espere ke anpil moun ki, menm jan ak li, gen yon talan atistik va jwenn motivasyon ak enspirasyon pou devwale li/yo ak le monn.Enjoy!...more1h 34minPlay
July 11, 2024Beau Nusse (avèk LEX)Epizòd bonus sa se pou nou reyaji a tout feedback ak kòmantè ke anpil nan nou te kite pou nou sou divès epizòd avan epizòd 47 la.Se fason pa nou pou raplew ke nou TOUJOU li e apresye feedback ak kòmantè fidèl oditè nou yo.Nou RENMEN nou! ♥️...more1h 15minPlay
July 07, 2024Zanmitay ant FI ak GASON (avèk Nick ak Georgy)Nan sosyete pa nou, nou toujou tande moun kap di “tifi ak ti gason se gaz ak alimèt “.Se yon fason pou di ke lè gason ak fi twò pre youn lòt li ka kreye 🔥.Èske sa vle di gason ak fi paka zanmi? Oubyen sa vle di yo pa ka bon zanmi?Nan epizòd 47 la Tchilaks ap debat sijè sa ak 2 gro tonton envite: Nick epi Georgy!Pandan yo itilize pwòp eksperyans pa yo, yo pral bay pwendvi yo sou sijè a.Enjoy...more1h 32minPlay
July 01, 2024Premye anivèsè TCHILAKS 🎉🎊TCHILAKS GEN 1 AN‼️🎉🎊Epizòd 46 la se sòm tout repons a tout kesyon nou menm nan oditwa a te poze nou!A chak grenn moun ki te voye kesyon: MÈSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI!A chak grenn moun ki toujou branche: MÈSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI!A chak grenn moun ki pral koute epizòd 46 la: MÈSI PA SIFI E LI PAP JANM SIFI!#TchilaksFamily...more1h 53minPlay
June 23, 2024L'âge du Christ (avèk Jeff, Jefferson ak Lex)33 lane se yon laj anpil ayisyen wè ak yon je diferan.Lè yon moun nan kilti nou an pral gen laj sa yo toujou atann yo ke yo pral pase yon ane difisil.Rezon an pran rasin nan kwayans relijyez ke nou genyen. Gen anpil endikasyon ki montre se a laj sa a CHRIST te mouri e li te pase anpil mizè.Nan epizòd 45 lan, ti mesye yo pral diskite de kwayans sa a avèk yon panel ki “BYEN RANPLI”.Se fason sa a nou selebre Lhee ki apèn soufle 33èm bouji li....more1h 29minPlay
June 16, 2024Bro Code (Prensip blòdeu)Blòdeu ak Bro se 2 tèm ki itilize anpil nan vokabilè gason. Se konsa yo kalifye gason parèy yo ki zanmi ki pi pwòch yo. Se vre ke dèfwa moun itilize tèm sa yo vaykevay men sa pa chanje ke, inisyalman, yon blòdeu, yon bro se yon gason ki kite stad senp zanmi pou yon lòt gason, yo vin tounen tankou frè.Li pa yon sekrè pou pensonn ke gen règ nan mitan gason an jeneral, men dèfwa gen moun ki pa konnen si nan mitan blòdeu gen lòt règ ki vin ajoute an plis de règ jeneral ant gason sa yo pou vin mete yon disiplin an plis nan mitan 2 blòdeu oubyen nan mitan yon baz blòdeu.Ansanm de règ sa yo anpil fwa yo relel BRO CODE oubyen PRENSIP BLÒDEU e yo konn varye de baz an baz e dèfwa se konn on seri de règ ke pèsonn pat chita pou etabli men ki jis la nan mitan baz la.Nan epizòd 44 la, ti mesyeu yo ap debat sou sa e pataje kèk nan règ ki nan bro code pa yo.ENJOY!!!...more1h 30minPlay
June 09, 2024DJÒSKÒM (rekòmanse a zero) avèk LexNan lang kreyòl la djòskòm vle di yon moun ki fenk debake nan yon lòt peyi.Anglisis sa (just come), malgre anpil moun souvan anplwaye'l nan yon sans negatif, defini nan anpil ka yon rekòmansman paske yon moun ki deside kite peyi li, lakay li, fanmi ak zanmi li pou li al etabli'l yon lòt kote gen bagay pou'l refè.Ti mesye yo nan epizòd 43 pral pase sou tout bagay sa yo, pandan yo ap pataje pwòp eksperyans pa yo.Yo espere ke ou menm kap tande ki nan sitiyasyon sa a ap kapab jwenn bon konsèy ki ka ede'w grandi oubyen rasire'w ke ou pa pou kont ou nan sitiyasyon sa a.Enjoy!...more1h 53minPlay
June 02, 2024Relasyon LONG DISTANCE (avèk Kitty)ENJOY epizòd 42 a kote ti mesye yo te gen Kitty kòm envite pou debat sou relasyon LONG DISTANCE. ...more1h 45minPlay
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.