Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 108 episodes available.
April 21, 2024Reyaksyon sou Ep.33 (avèk Vitchie, Moumoune ak Hellen)Pou ou ka byen enjoy epizòd 37 la fòk ou al tande oubyen retande epizòd 33 a paske se sou li 3 FANM ki gen gwo enpak sou lavi respektif ti mesyeu yo ap reyaji AVÈK ti mesyeu yo.Epizòd 33 a se youn nan TOP3 epizòd ki te resevwa plis feedback de zanmi podcast yo kidonk pandan ti mesyeu yo ak medam yo tap #TCHILAKS yo tou pwofite pote repons dirèk bay chak grenn moun ki te pran tan pou kite yon kòmantè.ENJOY epi pase bon semenn!...more1h 48minPlay
April 07, 2024Eklips (avèk LEX)Yon epizòd ki anrejistre anba linèt pou debat sou «EKLIPS» ki se yon kataklism ki pral pase nan mwens ke 24è detan aprè epizòd la soti.ENJOY li epi ou menm ki pral gade eklips la, oubyen ou menm tou ki pa pral gade’l men ki ap nan zòn eklips la ap pase a, PRAN PREKOSYON sa mande yo paske se mèt zye ki veye zye! ...more1h 9minPlay
March 31, 2024AFTER PARTY (avèk Team Trafalgar)Aprè yon party, ti mesye yo te chita avèk yon pakèt pakèt envite pou te pale de “AFTER PARTY”. 😜Pawòl nou pral tande nan epizòd la te melanje e nap tou presize ke yo pa angaje ni podcast la, ni moun ki ladanl yo, TOUT blam nan se sou do ALKÒL!!! 😂Enjoy!...more1h 37minPlay
March 24, 2024Red/Green FLAG (avèk Lex & Greg)Nou tout diferan sa se yon fè e paske nou diferan, sa fè jan nou renmen diferan, sa fè sa ki atire nou diferan e sa nou pa renmen tou diferan.Menm nan kesyon chwazi patnè nou, nou chak gen preferans pa nou.Chak moun gen yon lis bagay ki ka dekouraje yo lè yo wè yon moun ki a premyè vi, atire yo, se sa yo rele “RED FLAG” yo.Menm jan an tou chak moun gen de bagay lè yo identify yo, li ajoute sou atirans inisyal la, se sa moun ki pale lang tonton sam nan rele “GREEN FLAG” la.Nan epizòd 33 a, Ti mesye yo ak Lex e Gregor tap etale byen vit kèk bagay ki pou yo se red flags e kèk ki se green flags. (TOP 3)Enjoy epi PA BLIYE lis chak mesye yo baze sou preferans PÈSONÈL yo!...more1h 25minPlay
March 17, 2024Fashion (avèk FERINA)Epizòd 32 a te chita sou yon tèm ke nou tout familye avèk li ki se: FASHION.Nan epizòd sa, Tchilaks te akeyi Sebastien ki se yon jèn ki pasyone de fashion e ki gen rèv pou li kite anprent li nan sektè sila a. Li pataje depi kilè li atire pa fashion, kisa ki enfliyanse li ak tout projè li genyen ki pase deja ak sila ki gen pou vini yo.Enjoy epizòd la kòm dabitid epi pa bliye tcheke travay Sebastien yo a pati de paj Instagram li....more1h 15minPlay
March 10, 2024First date (premye randevou)Nan fè jouda sou rezo yo semèn sa, Lhee tonbe sou yon ti rechèch ki di anpil gason kap viv nan zòn Boston jije ke depi yo mennen yon Lady soti yo atann yo ke fi a pral oubyen ta dwe kouche avèk yo.Rechèch sa pouse timesye Tchilaks yo gade zafè ki rele “first date “ la nan kilti pa nou an. Pandan yap pale de pwòp eksperyans yo, yap analize atant yon gason genyen lè li mennen yon fi soti pou premye fwa.Anpil koze pale so ENJOY!...more1h 21minPlay
March 03, 2024Gwòg (avèk LEX)Nan kilti nou yo itilize tèm « GWÒG » la nan 2 konotasyon diferan. Youn pou dezinye bwason ki gen gwo to alkòl epi lòt la pou dezinye lè ou bwè twòp. Nan epizòd sa, Johalex, Lhee ak LEX pataje gwòg prefere yo men SITOU pi gwo moman nan lavi yo kote yo te GWÒG.Enjoy epi sonje pou ou TOUJOU bwè GWÒG ou ak moderasyon paske se mèt kò ki veye kò!...more1h 29minPlay
February 26, 2024T.M.P.F (Tou Manti Pa Fon)Epizòd 29 la se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap debat sou yon sitiyasyon kote yon gason tap bay madanm li yon pil ak yon pakèt manti initil. Sitiyasyon sila a tap fè ravaj sou tiktòk.Li se yon istwa ki enteresan lè nou ap eseye konprann rezon ki te motive misye envante E bay manti sa yo, men tou jan dam lan rakonte istwa a jwe yon gwo wòl nan bote istwa a.Enjoy reyaksyon ak opinyon ti mesye yo sou istwa a!...more1h 10minPlay
February 18, 2024Enpòtans SÈKS nan relasyon (avèk LEX)Moun fè sèks pou anpil rezon. Youn nan rezon sa yo e petèt sa ki pi enpòtan an: se LANMOU.An efè, sèks se iltim fason 2 moun konn manifeste lanmou yo men entèpretasyon sèks varye de yon moun a yon lòt. Gen pou de moun li se yon senp zak fizik, genyen ki trouve li trè sakre. Sèl bagay ki evidan se ke pi fò moun dakò ke li bon anpil.Lè nap gade relasyon ant de moun, kijan nou ka mezire enpòtans sèks?Eben ti mesye yo ak Lex fè yon ti bat bouch sou sa nan epizòd 28 la.Enjoy enjoy epi pa bliye: 1 korentyen 7 vese 4 -5. ...more1h 46minPlay
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 108 episodes available.