Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.
May 26, 2024Fèt MANMANNan Epizòd 41 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pale de manman yo, de relasyon yo ak manman yo, de lanmou yo gen pou manman yo. Yon fason pwòp a yo menm pou onore tout MANMAN nan okazyon fèt dè mè! 💝...more1h 25minPlay
May 12, 2024Story TimeYo toujou di ke liv lavi chak grenn moun sou planèt la se konbinezon de yon pakèt istwa.Enben nan epizòd 40 Tchilaks Podcast la, ti mesye yo ap pataje kèk istwa pèsonèl sou lavi yo. ENJOY!...more1h 30minPlay
May 05, 2024Sipèstisyon LAKAY (avèk Lex)Anpil fwa nan kilti lakay nou, nou tande moun kap di “Si ou fè oubyen pa fè tèl bagay… tèl bagay ap rivew“ dèfwa yo pa fè ankenn sans e dèfwa yo fè sans men pa gen ankenn jan ou ka eksplikel.Nan epizòd 39 la, timesye yo te avèk Lex pou pataje kèk sipèstisyon ki make lavi yo, sila ke jiskaprezan yo pa konprann yo ak sila yo eseye mete yon eksplikasyon plizoumwen lojik dèyèl. ENJOY epi sonje KILTI NOU AN RICH!...more1h 23minPlay
April 28, 2024Fiyansay (Avèk Doris & Rose)Epizòd 38 Tchilaks Podcast la ap pale de fiyansay ki se yon etap jounen jodiya ke 2 moun ki renmen dwe pase avan yo ale devan lotèl pou yo di lòt wi pou lavi. Nan tan paran ak granparan nou yo, li te fèt yon lòt jan e menm jodia chak moun pèsevwa konsèp sa avèk opinyon diferan. Mesyedam yo te tou pataje istwa pèsonèl yo e yo te pase yon bon moman. ENJOY!...more1h 40minPlay
April 21, 2024Reyaksyon sou Ep.33 (avèk Vitchie, Moumoune ak Hellen)Pou ou ka byen enjoy epizòd 37 la fòk ou al tande oubyen retande epizòd 33 a paske se sou li 3 FANM ki gen gwo enpak sou lavi respektif ti mesyeu yo ap reyaji AVÈK ti mesyeu yo.Epizòd 33 a se youn nan TOP3 epizòd ki te resevwa plis feedback de zanmi podcast yo kidonk pandan ti mesyeu yo ak medam yo tap #TCHILAKS yo tou pwofite pote repons dirèk bay chak grenn moun ki te pran tan pou kite yon kòmantè.ENJOY epi pase bon semenn!...more1h 48minPlay
April 07, 2024Eklips (avèk LEX)Yon epizòd ki anrejistre anba linèt pou debat sou «EKLIPS» ki se yon kataklism ki pral pase nan mwens ke 24è detan aprè epizòd la soti.ENJOY li epi ou menm ki pral gade eklips la, oubyen ou menm tou ki pa pral gade’l men ki ap nan zòn eklips la ap pase a, PRAN PREKOSYON sa mande yo paske se mèt zye ki veye zye! ...more1h 9minPlay
March 31, 2024AFTER PARTY (avèk Team Trafalgar)Aprè yon party, ti mesye yo te chita avèk yon pakèt pakèt envite pou te pale de “AFTER PARTY”. 😜Pawòl nou pral tande nan epizòd la te melanje e nap tou presize ke yo pa angaje ni podcast la, ni moun ki ladanl yo, TOUT blam nan se sou do ALKÒL!!! 😂Enjoy!...more1h 37minPlay
March 24, 2024Red/Green FLAG (avèk Lex & Greg)Nou tout diferan sa se yon fè e paske nou diferan, sa fè jan nou renmen diferan, sa fè sa ki atire nou diferan e sa nou pa renmen tou diferan.Menm nan kesyon chwazi patnè nou, nou chak gen preferans pa nou.Chak moun gen yon lis bagay ki ka dekouraje yo lè yo wè yon moun ki a premyè vi, atire yo, se sa yo rele “RED FLAG” yo.Menm jan an tou chak moun gen de bagay lè yo identify yo, li ajoute sou atirans inisyal la, se sa moun ki pale lang tonton sam nan rele “GREEN FLAG” la.Nan epizòd 33 a, Ti mesye yo ak Lex e Gregor tap etale byen vit kèk bagay ki pou yo se red flags e kèk ki se green flags. (TOP 3)Enjoy epi PA BLIYE lis chak mesye yo baze sou preferans PÈSONÈL yo!...more1h 25minPlay
March 17, 2024Fashion (avèk FERINA)Epizòd 32 a te chita sou yon tèm ke nou tout familye avèk li ki se: FASHION.Nan epizòd sa, Tchilaks te akeyi Sebastien ki se yon jèn ki pasyone de fashion e ki gen rèv pou li kite anprent li nan sektè sila a. Li pataje depi kilè li atire pa fashion, kisa ki enfliyanse li ak tout projè li genyen ki pase deja ak sila ki gen pou vini yo.Enjoy epizòd la kòm dabitid epi pa bliye tcheke travay Sebastien yo a pati de paj Instagram li....more1h 15minPlay
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.