Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.
October 06, 2024Dosye PIDIDI (avèk Sébastien & Jefferson)Dosye atis ameriken "P.Diddy" ap fè aktyalite depi kèk tan men semenn sa yo, li jayi sou rezo sosyo yo ak plis fòs akòz yon seri de nouvo detay ke envestigasyon otorite konsène yo kòmanse ap devwale.Se yon sijè ki oze e chokan men timesye yo ak envite yo: Sebastien ak Jefferson eseye debat li ak maksimòm prekosyon ke posib. Prekosyon pou pa tromatize moun ki pral tande men tou, prekosyon pou yo pa fè difamasyon sou moun tou; paske tout sa ki di nan epizòd la se selon enfòmasyon ki piblik sou entènèt la.Enjoy epizòd la epi sonje ke depi ou ap sibi abi oubyen ou okouran de yon abi kap fèt sou yon moun kèlkonk se yon DEVWA ou genyen pou ou rapòte'l bay moun ki ka frennen abi sa....more1h 56minPlay
September 29, 2024Lanmou pou KUIZIN (avèk Newslie & Doris)Aprè anpil anpil tan medam yo resi peye Tchilaks yon vizit!Nan epizòd 58 la, Tchilaks gen 2 “invitée”: Dodo ak Newslie ki deside pataje avèk odyans lan lanmou yo genyen pou kuizin.Nan ti pale sa yo pral wè avèk nou kibò lanmou sa a pran rasin men tou kijan manje jwe yon wòl pivotal nan relasyon yo genyen ak moun ki nan antouraj yo. Sa a ak anpil lòt bagay diskite sou panèl la. Jan yo di chimen kè gason se nan lestomak li eske nou panse medam yo konn itilize strateji sa a? Eben branche pou nou jwenn repons lan.Enjoy...more1h 40minPlay
September 22, 2024El NIÑO (avèk Greg & Jeffe)Nan epizòd 57 la, timesyeu yo te akeyi Greg aka El NIÑO pou pale de reyalite li ki se reyalite yon jenn gason ki fèt Ayiti men ki leve kay vwazen Dominiken nou yo depi lè li gen mwens ke 3zan daj.El Jeffe te sou panel la tou pou fè pon ant Greg ak mesyeu yo paske li te fè yon ti tan ap viv nan Repiblik Dominikèn tou.Enjoy epizòd la gen anpil pou aprann ✨...more1h 60minPlay
September 15, 2024IMIGRAN nan USA (Avèk Jean Luc)Epizòd 56 la enspire pa skandal ki tap fè bri semèn pase a sou swadizan imigran Ayisyen ki ta ap manje kana, chat/chyen moun nan vil Springfield nan State Ohio, se tou yon chita pale ant Jean Luc, Thierry ak Johel; 3 imigran nan USA; sou kijan yo wè ak konprann konsèp imigran an nan lakou USA.Enjoy epi sonje IMIGRAN gen yon enpòtans pou USA ke anpil moun pap admèt ouvètman men ki REYÈL!!!...more1h 56minPlay
September 08, 2024Baunuce (avèk Lex)Epizòd “ BAUNUCE “ la se yon spesyal dedikas pou tout zanmi podcast la ki kite plis pase 100 kòmantè/feedback pou nou anba epizòd avan yo.Nou pase sou CHAK GRENN nan yo yon fason pou nou redemontre apresyasyon ak gratitid nou anvè zanmi sa yo men tou, a tout oditè/oditris podcast la.ENJOY! ...more1h 51minPlay
September 02, 2024Atis (avèk Lex)Resaman Johel viv yon eksperyans kote yon moun tap prezante li bay yon lòt moun epi ba li tit “Atis”.Menm si li di li pa yon atis men sa te enspire li epizòd jodi a kote Lhee ak Lex (ki tounen egenn ankò) tap pale sou definisyon tèm atis la epi ale an pwofondè sou lavi yon moun ki atis selon yo.Anpil bagay pale e atis Jojo byen depoze. 😂Nou espere nou enjoy epizòd la epi: PA BLIYE nan je Tchilaks, se oumenm oditè ki ATIS la! 🫶🏾...more1h 45minPlay
August 25, 2024S*xToy (avèk Lex)🔞 Nou te mande sijè oze, eben Lex, Johalex ak Thierry fè yon brase lide sou on itilizasyon "sex toy" nan epizòd 54 la.Malgre se on sijè tabou nan sosyete nou an, nou pran libète eksplore tout aspè nan kesyon posede sex toy ak akseswa seksyèl yo. Ki itilite yo, preferans, tip, kalite, gwosè, elatriye. Kisa ki pou nou e selon nou akseptab oubyen depase limit.BTW, atansyon! Toy se toy, ekipman se on lòt bagay 🤣😂...more1h 54minPlay
August 18, 2024Monsieur JEAN (avèk Pouchon)Nan epizòd 53 a, ti mesyeu yo te chita avèk Pouchon aka Mr JEAN, yon zanmi podcast la ki tap pataje istwa li ak yon projè "MONSIEUR JEAN BAR & GRILL" ke li cheri pandan plis pase 7 lane e ke li arive mete nan yon nivo ki ka sèvi egzanp pou tout moun ki ap lanse yo oubyen deja entegre sektè antreprenarya an Ayiti.TCHILAKS koube li byen ba devan efò ak sakrifis ke TOUT ekip MONSIEUR JEAN an poze deja e ap kontinye poze pou amelyore sektè lwazi lakay nou Ayiti....more1h 50minPlay
August 11, 2024Dezyèm MITANEpizòd 52 a gen kòm tit "Dezyèm MITAN'' e li baze sou rimè ki fè konprann ke Jennifer Lopez ak Ben Affleck gentan ap divòse aprè ke yo te eseye viv ansanm yon premye fwa yo kite (Premye MITAN) epi yo vin retounen ansanm apre 17 lane.Se yon rimè jouk jounen jodia malgre gen anpil ti siy ki te ka pwouve ke bagay la gate tout bon, men ak tout respè sa mande ti mesye Tchilaks yo te pase sou relasyon yo an pou fini pa manyen ka kote yo menm tou yo te jwe dezyèm mitan ak yon moun nan vi pèsonèl pa yo.Enjoy!...more1h 44minPlay
August 04, 2024Mete DESIGNER (avèk Jeffe ak Kiki)Epizòd 51 Tchilaks Podcast la te gen El Jeffe ak Kiki ki tap debat sou « Mete Designer ».Pou kèk moun, mete designer se fè djòlè; pou kèk lòt moun, mete designer se envesti nan bon kalite ak dirabilite e wap jwenn lòt moun tou ki ka pran fenomèn sa a nan fason pwòp a yo menm.Enjoy! ...more1h 18minPlay
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.