Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.
March 02, 2025BaunusseEnjoy epizòd bonus sa kote Johel ak Thierry ap pase sou kòmantè kèk zanmi podcast la te kite anba kèk ansyen epizòd.Pase bòn semèn #TchilaksFam♥️ ...more1h 39minPlay
February 17, 2025Leomessi (avèk Jeff)Wikenn ki fenk pase a se te wikenn tout moun te okipe ap selebre lanmou nan okazyon Sen Valanten! Lè dat sa rive anplis de flè ak chokola gen yon aktivite ki toujou prezan 😈 nou pap antre nan tròp detay.Aktivite sa anpil fwa vini ak yon strès pou mesye yo kote yo DWE byen pase. Egzijans sa jeneralman fè yo fè apèl ak yon seri de sibstans pou ede yo byen pèfòme pami yo nou ka site LEOMESSI a.Se sou sa ti mesye yo ak Jeff te debat nan epizòd 76 lan.ENJOY dezyèm epizòd OZE Tchilaks Podcast la!🫶🏾♥️...more1h 35minPlay
February 09, 2025Pasyon pou BOXE (avèk Snood & Ralph)Nan epizòd jodia, Tchilaks resevwa Snood ki te konn pratike BOXE e ki joukjounen jodia rete yon pasyone de spò a. Li te poulòp sou panèl la avèk tifrè li Ralph.Snood etale pakou li nan spò a pou nou e li di nou kòman li fè antre ladanl, bon tankou move eksperyans li viv men tou, leson li aprann yo.Epizòd 75 la se yon opòtinite pou panèl la men tou odyans Tchilaks lan gade kijan mank ankadreman sitou nan domèn spò kontinye tiye anpil rèv.ENJOY!!!...more1h 54minPlay
February 02, 2025Pwofesyon DJ (avèk Dj Thyz & Vlex Vibez)Nan epizòd jodia Dj Thyz ak Vlex Vibez rejwenn “show” a pou pale sou tout aspè ki genyen nan pwofesyon DJ a.Anpil moun toujou panse se yon travay ki fasil, men nan epizòd 74 la nou pral dekouvri se yon bagay ki vrèman konplike. Li mande pou DJ a kontwole anpil bagay an menm tan.Ti mesye yo dekòtike tout bagay sa yo e plis.ENJOY!...more2h 2minPlay
January 26, 2025TikTòk (avèk Jefferson)Dimanch ki te 19 Janvye a itilizatè platfòm Tiktok yo nan peyi Etazini te leve jwenn aplikasyon an pa fonksyonèl.Malgre yo te gentan anonse ke Gouvènman an te pran desizyon pou bani platfòm nan, sa pat anpeche nouvèl la fè gwo tole.Sitiyasyon an pat dire. Douz è detan aprè, nouvo prezidan an te gentan leve banisman an.Nan epizòd jodia, ti mesye yo voye yon koud je epi analize nouvèl sa a.Ansanm ak El Jeffe, yo gade poukisa desizyon sa a te pran, men tou “ekonomi” ki genyen dèyè Tiktok ki fè nouvèl banisman an te fè tout pale anpil sa.Gen anpil bagay ou menm oditè ak “auditeuse” (suivez mon regard 🤣) ka aprann nan epizòd sa.Enjoy!...more1h 33minPlay
January 19, 2025Le délicat cas de MIKA (avèk Doris & Lex)Lanmò Mika se yon gwo pèt pou endistri mizikal ayisyen an: NOU TOUT KLÈ SOU SA!Se te yon atis prolifik ki te gen patisipasyon li nan anpil projè nan endistri a.Depi lè lanmò li a, sa gen 2 zan rive jiskounya a, toujou gen lese frape ant fanmi Benjamin an ak madanm li sou kesyon eritaj li.Dènye semèn sa yo bagay la te pran yon lòt nivo. Fanmi Benjamin an vle ke madanm Mika ba yo (remèt yo) dwa sou tout zèv atis la men madanm li kanpe an kwa kont sa.Opinyon piblik la pataje sou koze sa e gen anpil lòt bagay ki pran lari tou.Nan epizòd sa a 2 moun kay: Dodo ak Lex rejwenn timesye yo pou diskite sou dosye sa men tou gade, nan yon pwen de vi ki pi jeneral, enpòtans pou mayiaj oubyen biznis kap fèt ant zanmi/fanmi/koup byen regilarize.Enjoy enjoy!!!...more2h 11minPlay
January 12, 2025NOSTALJI AyitiRoody Roodboy fè yon post sou instagram li pou li pale de bagay ke li te konn fè, aktivite li te gen chans fè e ki pa posib ankò a koz de konjonkti peyi nou: Ayiti.Atis la di kijan nostalji sa yo ap manje'l pèsonèlman.Post la te enspire tchilaks e se konsa Johalex ak Lhee te pran tan pou yo pale de nostlaji ke yo genyen e kijan lakay yo ak vèsyon Ayiti yo te eksperimante a manke yo.Nan jou nap komemore 15em anivèsè tranbleman de tè ki te fe gro dega an 2010 la, ekzesis la vrèman: RAFRECHISAN!ENJOY epizòd 71 lan e pa ezite fè nou konnen ki nostalji ke ou menn ou genyen....more1h 50minPlay
January 05, 2025Bonusse (avèk Lex)Yon nouvèl ane PA KA e PA DWE kòmanse ak dèt te fèt nan ane ki pase a‼️😅Se rezon sila ki fè nou te jije bon ke premye epizòd nou dwe anrejistre pou 2025 lan te dwe epizòd BONUSSE la 😇ENJOY li pandan ekip Tchilaks la ap remèsye e reswete fidèl odyans li an yon Bòn Ane 2025 e pwomèt li plis plezi ke 2024! 🥳NOU RENMEN NOU! 🫶🏾♥️🫶🏾 ...more1h 49minPlay
January 01, 20252️⃣0️⃣2️⃣4️⃣ ➕ 1️⃣ 🎉🍾Epizòd 70 la se dènye epizòd ki anrejistre nan ane 2024 la e se premye epizòd ki pibliye an 2025.Ladanl ti mesye yo ak 2 envite spesyal fè yon ti rale mennen vini sou ane 2024 la ak yon ti pwojeksyon sou rezolisyon pou 2025 pandan yo tou pwofite swete TCHILAKSFAM♥️ lan yon:BÒN ANE 2025 🎉 ak yon BÒN FÈT ENDEPANDANS 🇭🇹...more1h 35minPlay
December 22, 2024Anba lapli (avèk Jean Luc)Pou fen ane, TCHILAKS kanpe an mòd PYE POUDRE!Kidonk se pap yon sipriz lè nou aprann ke epizòd 69 la record nan yon RV ke nou ka rele yon kay mobil an kreyòl. Se Jean Luc, CEO-Fondatè SAKAPFÈT BOSTON, ki te akeyi nou pou eksperyans sa a. Sa ki rann epizòd sa spesyal se premyèman sijè a deside a lenprovis, a la dènyè minit men alafen nou manyen plizyè lòt topik e dezyèmeman; yon lapli kòmanse tonbe san kanpe e kòm kay mobil yo fèt an metal, nou ka tande bri chak gout dlo kap tonbe, sa ki te bannou yon sansasyon kòmsi nou tap bay blag anba yon tonnèl lakay nou Ayiti pandan lapli ap tonbe.Nou espere ke ou ap ENJOY epizòd la paske nou menm nou te enjoy record li pou nou!...more1h 52minPlay
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.