Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.
December 24, 2023Fèt NwèlEpizòd 21 se jis fason pa TCHILAKS pou swete chak grenn oditè/oditris Johalex yo ak ekoutè/ekoutèz Lhee yo yon JWAYE NOWÈL!...more1h 14minPlay
December 17, 2023En FRANCAISEpizòd 20 Tchilaks Podcast la se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap debat sou dezyèm lang ofisyèl pèp nou an ki se lang fransè.Tout plezi epizòd lan chita nan lojik kote ti mesye yo ap debat sijè a AN FRANCAIS malgre yo tou lè 2 gen plis pase 5 lane depi yo pa janm gen menm yon konvèsasyon 5 minit nan lang lan.Antouka, nou espere ke ou ap ENJOY epizòd la menm jan nou te ENJOY record li pou ou a malgre tout flay ak lapsus yo! 😂...more1h 12minPlay
December 10, 2023Bay/Pran BILL (avèk Cedrick)Nan nenpòt tip relasyon an, amikal oubyen romantik, koze finans se yon sijè delika e ki jwe yon ròl enpòtan.Dinamik relasyon an konn mete youn nan moun yo nan pozisyon pou ede lòt la finansyèman.Nan langaj kreyòl la yo pale de: BAY Bill oswa PRAN Bill!!!Gen moun ki di se pa tout kòb yon moun mande yo ki ka konsidere kòm Bill, gen moun ki wè bagay sa ak yon trè move je e gen lòt menm ki kategorize l kòm yon bagay ki nòmal selon jan li fèt la.Nan epizòd 19 la, ti mesye #tchilaks yo ak envite yo Cédrick chita sou koze sa e pataje jan yo konprann fenomèn sila a, yo pataje eksperyans yo de sijè a epi bay konsèy tou.ENJOY!!!...more1h 44minPlay
December 03, 2023LAJ nan RELASYONPowèt yo ak romantik yo toujou kleronnen ke lanmou pa konn laj, li pa konn koulè etc…Si nou ka dakò ke kè a chwazi moun li vle nou ka dakò tou ke laj se yon faktè ki enpòtan nan relasyon. Anpil fwa li detèmine dinamik relasyon an.Lè eka a anpil li konn koz anpil stigma paske sosyete a konn wè li ak yon move je. Ki eka ki akseptab? Kijan jijman sosyete a chanje depandaman de sèks moun ki pi gran an?Ki eksperyans pesonèl ti mesye yo? Ki preferans yo?Nap jwenn repons sa yon nan epizòd 18 la. Johalex ak Lhee rete kwè ke nenpòt laj ou genyen an wap jwenn ti moso paw nan ti bat bouch sa a, so ENJOY!...more1h 18minPlay
November 26, 2023MOMANNan tan lontan, nan mond matematik la yo te fè referans a tèm «moman» an pou deziye yon inite mezi ki dire 90 segonn.Jodia nan anpil lang, yon moman vle di yon ti tan ki pa trò long, trè souvan mwens ke 5 minit. Nan kreyòl la tou, li vle di sa men lang lan pa tap bèl si mo a pat gen yon lòt siyifikasyon.Wi, moman nan lang kreyòl la, depandaman de jan ou itilizel la ka vle di yon lòt kokennchenn bagay!!Ki bagay?!Ebyen si ou pat konnen, timesye #Tchilaks yo pral fè ou konnen e konprann.ENJOY!...more1h 2minPlay
November 19, 2023TALAN gache (avèk LEX)Nan 16èm epizòd la, Lhee ak Johalex te akeyi Lex pou yo te fè yon ti #Tchilaks pandan yap debat sou TALAN GACHE.Se yon sitiyasyon tris ki dekoule de pèsepsyon paran nan sosyete nou an genyen de reyisit; kote yo prefere pa pran chans mize sou talan timoun yo epi vann yo lekòl kòm SÈL mwayen pou fè siksè nan lavi a.Jouk jounen jodia gen adilt ki gen regrè nan kè yo vizavi de talan ke yo te idantifye lakay yo lè yo te timoun men ke yo pat janm jwenn opòtinite pou yo eksplore epi eksprime. Mesye yo fè yon rale mennen vini sou kèk eksperyans pèsonèl pa yo epi profite pataje konsèy yo genyen sou sijè sa pou timoun men sitou pou paran timoun ki nan sitiyasyon sila a.ENJOY epizòd la epi sonje talan kèlkonk ke ou gen anndan ou an se yon kado ke ou gen devwa pataje ak antouraj ou....more1h 12minPlay
November 12, 2023FIMEN (avèk PSteph)“rale yon nway”, “fon w griye”, “puff puff pass”, etc… sa yo se kèk nan ekspresyon ke moun itilize nan diferan kilti pou yo fè referans ak fimen.Fimen gen plizyè deseni depi li antre nan kilti limanite. Gen achiv ki menm di ke yo te konn vann li kòm yon bagay ki bon pou lasante.Moun fimen pou anpil rezon e jounen jodia, yo gen plizyè opsyon pou rann fimen pi aksesib.Avèk envite yo PSteph, ti mesye yo eksplore tout aspè ki antoure egzèsis fimen an. Yo tou profite pataje eksperyans pa yo ak konpreyansyon yo de zak sa a.Pandan wap ENJOY epizòd la pa bliye fimen gen konsekans grav sou lasante e se sous anpil maladi.Se mèt kò ki veye kò!...more1h 22minPlay
November 05, 2023RASISMNan 14èm epizòd podcast la, Johalex ak Lhee fè yon ti pale sou rasism.Nan mo pa yo, yo eseye defini tèm nan epi eseye analize orijin ak konsekans konsèp sa ki pa enkoni pou pèsòn tèlman li afekte sosyete mondyal la dirèkteman ou endirèkteman.Yo chak pataje youn ou plizyè eksperyans yo viv ki de lwen ou de prè lye ak rasism, tout sa pandan yo tap tchilaks ansanm.Pa bliye rasism gen gwo konsekans sou lavi moun jouk jounen jodia e malgre nou dakò ke se pa yon bagay ke nap janm ka eradike definitivman, li rete yon devwa pou nou tout an tan ke sosyete pou nou kouri dèyè l.Tout moun se moun kèlkeswa ras li oubyen koulè po l.ENJOY!...more1h 19minPlay
October 29, 2023GEDE vs HALLOWEENPeryòd sa yo se moman kote an Ayiti yap prepare fèt Gede pandan nan menm tan sa a, moun Etazini ak anpil lòt kote nan mond lan (an Ayiti tou) ap prepare pou selebre sa yo rele “Halloween “.2 Selebrasyon sa yo se ekspresyon 2 kilti diferan sou kijan yo selebre sila yo ki ale yo (mò yo).Nan epizòd sa Johalex ak Lhee fè yon paralèl byen kout pou gade kisa yo ye? Koman yo fete yo? Kisa yo pote nan 2 kilti ak 2 sosyete yo? Men tou kijan nou menm ayisyen nou ta dwe konsidere fèt gede a ak tout relijyon Vodou a.Happy Halloween 🎃 oubyen/epi Bòn Fèt Gede 💀...more1h 2minPlay
October 22, 2023REZO SOSYORezo sosyo gen kèk ane depi li anvayi mond lan, sa se yon evidans.Itilizasyon chak moun de li ka diferan men li rete pi gwo pwen komen nan lavi nou tout. Rezo sosyo pou sèten moun vin pi adiktif ke yon dwòg, pandan nou pap nye ke pou de lòt moun li tounen yon sous pou fè lajan. Rezo sosyo kraze koup moun menm jan li pèmèt moun fonde fwaye.Nan epizòd 12 la, Johalex ak Lhee dedat sou rezo sosyo san yo pa rantre fon paske se yon konsèp ki vast. Yo pataje definisyon yo gen de li, yo pataje premye fwa wout yo kwaze ak rezo sosyo e yo liste tout avantaj ak danje rezo sosyo genyen daprè yomenm.ENJOY epi sonje ke se ou ki pou mete baliz nan jan wap itilize rezo sosyo yo pou yo pa afekte lavi ou nan fason ki pap benefik pou ou....more1h 22minPlay
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.