Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 108 episodes available.
September 17, 2023KANAL laAktyalite dènye jou sa yo, se dosye kanal ki parèt leve yon konfli ant pèp dominiken ak pèp nou an.Nan epizòd sa, ti messieu TCHILAKS yo rale mennen vini pou demontre ke konfli ant 2 pèp yo pa resan e tou ke li enpòtan pou nou pa jis suiv buzz ke dosye kanal la kreye a men eseye konnen agenda ki dèyè tèt gouvènman dominiken an epi konnen tou ki konsekans sitiyasyon sa ka pote pou pèp ayisyen an.POZISYON NOU NAN TCHILAKS AP TOUJOU POU NOU KANPE AK PÈP NOU men fòk li fèt ak bon strateji pou asire ke nou pap viktim pwòp desizyon nou pi devan.Enjoy epizòd la, nou espere li ap pouse ou poze kesyon ki dwe poze yo epi chèche eleman repons apropriye yo pou nou ede youn lòt konprann epi reyaji pi byen ak konfli sa....more1h 31minPlay
September 10, 2023Sante MANTAL gason (avèk M7liye)Kesyon sante mantal se yon dosye sansib e enpòtan ke se pou fi ke se pou gason men nan sosyete nou evolye yo, sante mantal gason se pa yon bagay yo bay anpil konsiderasyon.Nan epizòd sa a, Johalex, Lhee ak premye envite Tchilaks Podcast: Macky aka M7liye analize rezon ki fè sijè sa a pa trò pale, ki sa ki fè gason pa pale lè yap travèse pwoblèm ki afekte sante mantal yo. Yo pataje kèk statistik konsènan sante mantal gason tou.Enjoy epi pa bliye, si ou menm oubyen yon moun nan antouraj ou ap fè fas ak pwoblèm sante mantal pa ezite chèche èd ke se swa nan men moun pwòch oubyen nan men profesyonèl.Sa Enpotan!!...more1h 37minPlay
September 03, 2023CHAMNan kilti lakay nou, ase souvan nou tande pale de CHAM! Nan senkyèm epizòd Tchilaks Podcast la, Johalex ak Thierry fè yon bèl deba sou sijè a kote yo pataje pèsepsyon yo de li epi yo eseye konprann konsèp la.ENJOY epizòd la, pa bliye nou sou tout platfòm podcast yo epi pa bliye follow nou pou ou pa rate prochen epizòd yo ki soti chak dimanch aprèmidi....more1h 11minPlay
August 27, 2023DIFAMASYONNan katriyèm epizòd la Lhee ak Johalex fè yon ti bat bouch sou “difamasyon” ki se yon sijè ki ap fè aktyalite, sitou semèn sa yo.Yo pale de tout konsekans difamasyon genyen oubyen ka genyen sou yon moun pandan yo tap analize yon ka ki ap fè anpil deba aktyèlman.ENJOY / APRANN!!!Epi pa bliye nou sou tout platfòm yo, abone pou nou pa janm rate nouvo epizòd yo ki soti chak dimanch aprèmidi!#Tchilaks #Podcast #Difamasyon...more59minPlay
August 20, 2023Gason MAWOZONan twazyèm epizòd la, Johalex ak Lhee debat sou « Gason MAWOZO » ki se yon tèm chak grenn sòlda nan lame maskilin lan sibi yon fason oubyen yon lòt!!! Yo pataje eksperyans pèsonèl yo ak tit mawozo a tou!ENJOY li epi pa bliye nou TOUPATOU! Abone ak nou pou pa rate nouvo epizòd yo ki soti chak dimanch apremidi.#Tchilaks #Podcast #Mawozo...more1h 10minPlay
August 13, 2023Pwogram BIDENNan dezyèm epizòd la Johalex ak Lhee ap pataje opinyon ak pèsepsyon yo de pwogram BIDEN lan. Yo profite pataje konsèy pou moun ki gen fanmi/zanmi ki pral aplike pou yo yo, pou moun yo aplike pou yo deja e ki ap tann repons epi pou moun tou ki gentan aprouve e ki gentan nan lakou TontonSam.~~~~~~~~~~~~Pa bliye‼️ Tout sa ki di nan epizòd sa se esansyèlman opinyon pèsonèl Lhee oubyen Johalex. Se dwa ou pou ou pa ale nan menm sans ak yo men sa pa dwe anpeche ou respekte sa yo panse....more1h 13minPlay
August 07, 2023Orijin Tchilaks PodcastEnjoy premye epizòd Tchilaks Podcast la kote Lhee ak Johalex ap debat sou orijin podcast la, misyon li ak anpil lòt koze.Nou sou tout platfòm kote ou abitye tande podcast ou yo: Apple Podcast, Spotify, IHeartRadio, Pandora, etc…Pou ou pa rate anyen nou ap lage, abone ak nou sou YouTube epi swiv nou Instagram, Twitter, TikTok: @tchilaks...more59minPlay
June 30, 2023TrailerNou lage! 🚀 Nou sou Apple Podcast, Pandora, TuneIn… Mèsi deja pou ekout ou! Premye epizod la pou byento! Ret branche!!! Konekte avèk nou sou YouTube, instagram, Twitter ak tiktok sou: @Tchilaks...more1minPlay
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 108 episodes available.