Sign up to save your podcastsEmail addressPasswordRegisterOrContinue with GoogleAlready have an account? Log in here.
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.
October 15, 2023Enpak separasyon PARAN (avèk Doris)Gen yon statistik ki fè konnen ke mwatye maryaj fini pa yon divòs oubyen separasyon.Nan divòs oswa separasyon 2 paran pi gwo viktim yo se dèfwa timoun yo sitou lè divos la oubyen separasyon an pa amikal.Li konn kite gwo sikatris ak troma ki konn suiv timoun sa yo jouk nan laj adilt yo.Nan epizòd sa tchilaks chita pale ak Doris ki se twazyèm invite podcast la pou yo debat sou konsekans divòs/separasyon paran yo te genyen sou yo, ki mak li kite pou jis jounen jodi a, kisa yo aprann ak kisa yo te swete ki te fèt yon lòt jan.Ni Doris, ni Lhee, ni Johalex viv divòs/separasyon paran yo men nan 3 kondisyon diferan. Se sak fè jodia nap jwenn 3 pèspektiv diferan men èske konsekans yo diferan?ENJOY onzyèm epizòd la epi aprann sa ki aprann e sèvi ou nan vi pèsonèl paw....more1h 13minPlay
October 08, 2023PIBÈTE kay GASONParan toujou pran le swen pou yo diskite de faz pibète avèk pitit fi yo sa ki vrèman diferan de jan menm paran sa yo akonpanye pitit gason yo nan menm peryòd nan lavi yo sa.Anpil tigason retrouve yo nan menm sitiyasyon avèk Johalex ak Lhee, kote se lè yo fin pase stad pibète a yo ap vin konnen kisa pibète ye oubyen yo viv anpil nan karakteristik pibète yo san yo pa konnen ke se faz pibète a yo ap travèse.Dèfwa sa konn gen repèkisyon sou mantal tigason yo kote yo konn panse se yon problèm yo genyen oubyen sa konn fè yo ranfème sou yomenm paske yo pa ka aksepte chanjman kap fèt nan yomenm yo nan peryòd sila a.ENJOY epi sonje mesaj epizòd sa se ke li osi enpòtan pou nou pale de pibète ak pitit gason/tifrè/tikouzen/tineve nou yo menm jan nou pale de sa ak pitit fi/tisè/tikouzin/nyès nou yo. Tou lè 2 jan yo bezwen akonpanyeman nan peryòd nan lavi yo sa....more56minPlay
October 01, 2023DATING aprè DIVÒS (avèk Vitchie)Divòs se yon bagay ki ka kite gro tromatism nan lavi yon moun. Li konn koze anpil problèm tankou depresyon.Aprè yon divòs, kijan yon fi dwe abòde relasyon? Kombyen tan li pran pou li santi li ka remete kò ak kè li deyò? Lè fi sa antame yon relasyon kijan divòs ki nan pase li a peze sou nouvo relasyon an?Anpil kesyon ke Johalex ak Lhee pat ka reponn san yo pat jwenn èd dezyèm envite Tchilaks la: Vitchie ki ede yo konprann kisa sa mande pou yon moun refè konfyans e rekòmanse “date” aprè yon divòs.Ni fi ni gason, marye ou pa marye, divòse ou pa divòse ka benefisye de ti pale sa a kidonk ENJOY!!...more1h 17minPlay
September 24, 2023NYOUDAspè fizik ki gen nan lanmou ak atirans konn pouse de moun ki nan relasyon oubyen ap pale voye foto eksplisit bay lòt, sa yo rele Noud ou Nyoud la ( Nude an anglè).Kisa ki risk ak konsekans nan voye yo?Eske se yon pwoblèm?Kijan ou ka proteje tèt ou?Ou ta renmen konnen? Enben koze mande chèz vin chita nan Tchilaks pou tande plis....more1h 34minPlay
September 17, 2023KANAL laAktyalite dènye jou sa yo, se dosye kanal ki parèt leve yon konfli ant pèp dominiken ak pèp nou an.Nan epizòd sa, ti messieu TCHILAKS yo rale mennen vini pou demontre ke konfli ant 2 pèp yo pa resan e tou ke li enpòtan pou nou pa jis suiv buzz ke dosye kanal la kreye a men eseye konnen agenda ki dèyè tèt gouvènman dominiken an epi konnen tou ki konsekans sitiyasyon sa ka pote pou pèp ayisyen an.POZISYON NOU NAN TCHILAKS AP TOUJOU POU NOU KANPE AK PÈP NOU men fòk li fèt ak bon strateji pou asire ke nou pap viktim pwòp desizyon nou pi devan.Enjoy epizòd la, nou espere li ap pouse ou poze kesyon ki dwe poze yo epi chèche eleman repons apropriye yo pou nou ede youn lòt konprann epi reyaji pi byen ak konfli sa....more1h 31minPlay
September 10, 2023Sante MANTAL gason (avèk M7liye)Kesyon sante mantal se yon dosye sansib e enpòtan ke se pou fi ke se pou gason men nan sosyete nou evolye yo, sante mantal gason se pa yon bagay yo bay anpil konsiderasyon.Nan epizòd sa a, Johalex, Lhee ak premye envite Tchilaks Podcast: Macky aka M7liye analize rezon ki fè sijè sa a pa trò pale, ki sa ki fè gason pa pale lè yap travèse pwoblèm ki afekte sante mantal yo. Yo pataje kèk statistik konsènan sante mantal gason tou.Enjoy epi pa bliye, si ou menm oubyen yon moun nan antouraj ou ap fè fas ak pwoblèm sante mantal pa ezite chèche èd ke se swa nan men moun pwòch oubyen nan men profesyonèl.Sa Enpotan!!...more1h 37minPlay
September 03, 2023CHAMNan kilti lakay nou, ase souvan nou tande pale de CHAM! Nan senkyèm epizòd Tchilaks Podcast la, Johalex ak Thierry fè yon bèl deba sou sijè a kote yo pataje pèsepsyon yo de li epi yo eseye konprann konsèp la.ENJOY epizòd la, pa bliye nou sou tout platfòm podcast yo epi pa bliye follow nou pou ou pa rate prochen epizòd yo ki soti chak dimanch aprèmidi....more1h 11minPlay
August 27, 2023DIFAMASYONNan katriyèm epizòd la Lhee ak Johalex fè yon ti bat bouch sou “difamasyon” ki se yon sijè ki ap fè aktyalite, sitou semèn sa yo.Yo pale de tout konsekans difamasyon genyen oubyen ka genyen sou yon moun pandan yo tap analize yon ka ki ap fè anpil deba aktyèlman.ENJOY / APRANN!!!Epi pa bliye nou sou tout platfòm yo, abone pou nou pa janm rate nouvo epizòd yo ki soti chak dimanch aprèmidi!#Tchilaks #Podcast #Difamasyon...more59minPlay
August 20, 2023Gason MAWOZONan twazyèm epizòd la, Johalex ak Lhee debat sou « Gason MAWOZO » ki se yon tèm chak grenn sòlda nan lame maskilin lan sibi yon fason oubyen yon lòt!!! Yo pataje eksperyans pèsonèl yo ak tit mawozo a tou!ENJOY li epi pa bliye nou TOUPATOU! Abone ak nou pou pa rate nouvo epizòd yo ki soti chak dimanch apremidi.#Tchilaks #Podcast #Mawozo...more1h 10minPlay
August 13, 2023Pwogram BIDENNan dezyèm epizòd la Johalex ak Lhee ap pataje opinyon ak pèsepsyon yo de pwogram BIDEN lan. Yo profite pataje konsèy pou moun ki gen fanmi/zanmi ki pral aplike pou yo yo, pou moun yo aplike pou yo deja e ki ap tann repons epi pou moun tou ki gentan aprouve e ki gentan nan lakou TontonSam.~~~~~~~~~~~~Pa bliye‼️ Tout sa ki di nan epizòd sa se esansyèlman opinyon pèsonèl Lhee oubyen Johalex. Se dwa ou pou ou pa ale nan menm sans ak yo men sa pa dwe anpeche ou respekte sa yo panse....more1h 13minPlay
FAQs about Tchilaks:How many episodes does Tchilaks have?The podcast currently has 102 episodes available.